Extension Factory Builder Blag Créole: Rasis nan legliz

Rasis nan legliz

Blag se pase USA nan epok rasis la te fo anpil
Yon pastè nwa pa erè antre nan yon legliz ki gen yon siy devan li ki make "White People Only" ki vle di "Moun blan sèlman". Pandan pastè a andedan an, yon isye nan legliz la vinn pale ak li: "Zanmi, sanble ou pat wè afich la ki devan legliz la."
Misye reponn : "Se pa wè m’ pa wè li non, men kòm se legliz Bondye, mwen antre kanmenm."
Isye a di : "Nou pap mete ou deyò, men pwochèn fwa, pa fè erè sa a ankò."
Pas di : "Frè m’, mwen pral priye Letènèl, si li di m’ retounen, m’ap toujou retounen isit la."
Sèvis la vinn fini, pastè a ale. Apre twa mwa, pastè a rankontre ak frè blan an bab pou bab nan yon magazen. Frè a di pastè a se pa li pa janm wè li retounen legliz la, èske li te al pale ak Letènèl la.
Pastè a reponn misye : "Frè m’, mwen te fè sa vre wi men Letènèl di m’ menm li menm li pa mete pye kote konsa, kisa m’ pral chache la."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires