Extension Factory Builder Blag Créole: Pèmi pa lisans

Pèmi pa lisans

Yon vandredi aprèmidi gen yon nonm ki monte sou volan machin li nan Petyonvil epi li tonbe ap kouri pasi pala. Nonm nan pa respekte okenn siy. Chak kote li pase, li manke frape moun, epi l’ ap joure yo ankò met sou sa. Menm nan kafou li pa ralanti, tankou m’ ta di ou lari a se jaden defen papa l’ te mouri kite pou li, l’ ap jwi l’. Gen yon polisye menm ki t’ ap flannen, li remake misye ap fè dezòd epi li swiv li. 

Polisye a kanpe misye epi li mande li lisans li. Sa ki pi bèl la, sanble nonm nan pat gen yon bout lisans nan pòch li. Men li pa pale anpil ak polisye a, li foure men nan pòch li, li rale yon biyè 500 goud tou nèf li lonje bay ofisye a. Polisye a gade misye fiks tankou ke se ranse misye ap ranse avèk figi li. Li rape papye lajan an nan men misye, epi li di: Map kite ou ale, men ti lisans sa ou bay la a se yon pèmi li ye. Pèmi pa lisans. Pwochèn fwa ou kite m’ jwenn ou ankò, sonje mache ak yon pi gwo lisans osinon m’ ap fouke ou.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires