Extension Factory Builder Blag Créole: Grangou fe ti nèg vivan

Grangou fe ti nèg vivan

Se te yon nèg ki te tèlman grangou, misye leve li pa jwenn anyen pou l' manje. Epi te gen yon bon restoran tou prè lakay li a. Misye wè li pa ka kenbe ankò. L'al nan restoran an, misye manje vant deboutonen, lè yo mande misye touche, misye mande pou yo fè l wè ak manadjè restoran an. Lè misye rive, manadjè a fè misye chita, epi 

Misye di manadjè a konsa: "Monchè m konnen ou se yon nomm sou katye a ke tout moun respekte, m ta renmen mande w' yon konsèy."
Manadjè a di: "M'ap tande w."

Misye di manadjè a konsa: "Si ou ta rete konsa, epi yon nomm mache sou ou li vinn ba ou yon souflèt nan figi, epi ou ta al jije ak nonm sa nan tribinal, konbyen kòb amann ou tap mande pou nèg sa a peye?"

Manadjè restoran an frape lestomak li,
li di konsa: "Mwen menm, yon nèg ta pèdi pye l' pou li ban mwen yon souflèt, m tap fè nèg sa peye m' $ 10000 amann."
Kounya misye tou di manadjè a konsa: "E byen ou mèt fout mwen yon bèl souflèt ak tout fòs ou, touche kòb manje a epi bam monnen san nou pa bezwen al tribinal..."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires