Extension Factory Builder Blag Créole: mai 2012

Pwoblèm ki mennen pwoblèm



Yon nèg ki pati aletranje, li kite jeran an nan lakou a epi li di l’ pou l’ toujou rele l’ e di l’ sa kap pase. Jeran an pa janm rele l’, lè patwon an wè sa li rele l’. Epi jeran an di l’ se tèlman gen move nouvèl wi ki fèm pa relew.

Patwon an di : "map koutew"
epi jeran an di: "pèl mwen kase wi"
Patwon an di: "se saw rele move nouvèl la, kijan l’ fè kase ?"
Jeran an di: "Pandan map antere chenw lan wi."
Patwon an di: "Kisa ? kijan chenm nan fè mouri ?"
Jeran an di : "Li te tonbe nan pisin nan wi!"
Patwon an di : "men chen an konn naje!"
Jeran an di : "wi, men pisin nan te vid."
Patwon an di : "Kisa, pisin lakay mwen vid?"
Jeran an di: "Ponpye yo wi ki te pran dlo a pou etenn dife ki tap boule kay la."
Patwon an di : "Kisa? gwo kay mwen an boule? kijan?"
Jeran an di: "se nan antèman manmanw lan yon balèn te tonbe sou nap la wi."
Patwon an di : "Kisa? manmanm mouri? kijan?"
Jeran an di : "li fè kriz apre li finn kenbe madanm ou ak frèw la."
Patwon an di : "ebyen pa ret anyen pozitif ditou"
Jeran an di :  "wi sèl tès sida ou te fè ou te dim poum al pran rezilta a wi ki pozitif."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Pi gwo sniper ayisyen an



Twa nasyon kap fè konkou sniper: yon ameriken, yon chinwa, yon ayisyen. 
ki sak pral fèt? se yon zwazo yap mete sou tèt yo pou pete zwazo a. Chinwa a chita ak zwazo a sou tèt li epi sniper blan an vini, 2 bal li pete de je zwazo a. Yo pran yon lòt zwazo, ameriken an metel sou tèt li, chinwa a fè 2 bal li pete je zwazo a. Yo pran yon zwazo yo metel sou tèt chinwa a pou ayisyen an, ou konn ameriken gen nanm, li pa al chita non li di chinwa chita, ayisyen an fè 2 bal, li pete 2 je chinwa a …

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Pwofesè Toto a fè yon grimas ki dire



Toto chita nan klas lap fè grimas bay yon lòt elèv,
Pwofesè a di'l : "sispann fè grimas ak figiw!"
Toto di: "Poukisa ?"
Pwofesè a di: "Paske lè'm te lekòl yo te di'm si mwen fè grimas figi'm ap rete konsa"
Toto di: "Mwen wè ke ou pat tande..."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kanson pou bèl twal



Yon nèg sot travay li bo madanm li sou sen l’ 
Madan m nan di : "poukisa se la ou bo m ?"
Nèg la di : "jodi a se fèt tout sen yo!"
Nan demen fi a sot travay li bo nèg la sou pati siperyè l,
Nég la di : "poukisa se la ou bo m ?"
Fi a di misye : "jodi a se fèt tout mò yo!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon bal



2 nèg kal vòlè nan yon depo rad (louis ak ti jean) men mèt depo a kap pèdi bagay lontan la ap veye vòlè, gen youn ki antre, youn deyò pou mete nan machinn. Sak andedan an mèt magazen an fou l’ yon bal 
Li di : "ti louis mwen pran yon bal"
Ti louis dil : "voyel non"
Misye di : "bon bal la wi",
Ti louis di : "se bon bal la nou bezwen wi …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kapòt pou Sirèt

Yon ti granmoun kap mache li wè yon liy jenn gason ak jenn fanm ki kanpe, men yap bay kapòt epi li mande youn nan mesye ki nan liy lan kisa yap bay la, li di manmi an se sirèt kounye a manmi an di metel nan liy epi yo tou metel devan, lèl rive devan kote yap bay bagay yo, moun nan sezi epi 
Li di : "manmi ou nan bagay sa yo toujou"
epi granmoun nan reponn: "defwam fè ti souse wi …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon evangelis ki pa kwè nan Bondye



Gen yon nèg chak maten li leve al devan pòt yon polisye al preche levanjil. Wa di frè kretyen an gen yon pwoblèm ak polisye a. Chak maten misye se: "Repentez-vous, Jezi pa lwen pou l tounen, kite peche, jezi ap tounen..."
Yon jou polisye a di se twòp atò. Li al kote misye 
Li dil : "ou nwi zorèy moun twop, map arete w lè jezi tounen ma lagew!"
Frè kretyen an di : "nangèt mesye map gentan mouri nan prizon an!…"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Sous pyant



Yon ameriken ki pral Akayè ak yon patnè pandan li nan wout lan li pran yon sant 
Li di: "bad smell"
Ayisyen an di: "this is sous pyant"
Blan an di: "okay"
ayisyen an te gonfle ayisyen an pete, 
Blan an di: "sous pyant again …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Mò pann, mò bal, piki sida



3 nasyon nan yon bato : yon dominiken, yon chinwa, yon ayisyen. Yo pral USA, Gad kòt yo kenbe nèg yo, 
Yo di yo : kounya lè nou kenbe moun kap antre ilegal etazini se 3 fason wi nou touye yo:
1. mò pann
2. mò bal
3. piki sida.
Dominiken an di: "tirem",
yo tire l'.
Chinwa a di: "pann mwen",
Yo pann li.
Ayisyen an di: "kòm se nan peyi dyare m sòti banm pikim",
yo bal piki.
kounya lè yo rive yap fè papye pou ayisyen an pou yo voyel tounen li tonbe ri,
Yo mande l': "saw genyen"
Li di : "m pa gen sida non"
Yo di l': "sak fè sa"
Ayisyen an di: "paske tout lè nap banm piki an kapòt mwen nan boudam …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Ou a kite sòt



Se yon fi ki te renmen jwe bòlèt pase sam pa konnen, yon jou mari l’ pa kite anpil kòb poul fè manje, li kite sèlman 100 goud. Fi a pa fè ni de ni 3 li jwe 75 goud bòlet epi li bouyi 25 goud patat ak aransò pou maril. Lè nèg la antre li wè mòd manje a, li ouvè baton sou manzè, pandan lap bat fi a gen yon vwazen ki rele "anmwey vwazin nou pran yo". 
Mari fi a di : "manman kk map touyew pi rèd ou fout twò sòt, ou te dwe jwe pou tout kòb la…"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto kap pale anglè



Toto ki sot Ayiti, Toto desann nan yon otèl ki florida... epi pandan Toto nan chanm nan konsa, Toto wè yon sourit ki pase bò kotel la foup, Toto pa konn kijan yo di sourit an anglais... Toto rele yon moun kap travay nan otèl la, epi 
Blan an di toto konsa: "can i help you ?"
Toto di : "yes! do you know TOM AND JERRY?"
Blan an reponn: "Yes, Why?"
Toto di ebyen: "Jerry is there…"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon vòlè sèkèy



Yon nèg ki sot vòlè yon sèkèy nan yon simityè, li byen kostime. Li bare ak yon polisye.
Polisye a di : "ey, ey, arete".
Misye reponn : "se pa anyen non chèf la se kote yo te anterem nan mwen pa renmen l, m te mande bawon pèmisyon poum ale nan yon lòt simityè".
Polisye a tonbe rele amweeeeeeeyyyyyyy …

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

2 pil 3 lèt



Yon nèg k’al achte nan yon boutik. Li mande moun yo si yo pa gen lèt, moun yo di'l wi. Li mande yo si yo pa gen pil, moun yo di'l wi nou genyen. Li di ebyen vann mwen '2 Pil, 3 lèt …

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

De Chinwa kap fè yon diskisyon



Yon chinwa ki fache ak madanm li. 
Li di fi a: "sukitaki ata chiwou nanay lou"
Manzè reponn li: "kowaniniii !"
Misye vinn pi fache toujou epi 
Li di: "TOKA ANJI RODI ROUMI YAKOO"
Fi a met jenou l atè poul sipliye l : "mimi nakoundinda tinkoujii"
Misye reponn: "Na miaou kima tinkouji" 
Ou pèdi tanw wap li. kòmsi ou konn pale chinwa enbesil …

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Pwofesè Toto a flòbòp



Yon vandredi yap fè syans-igyenn. Mèt la di lòm gen 32 dan : 4 kanin, 8 ensisiv, 20 molè.
Toto di : "mèt ou ka banm yon exanp nan bouch ou paske mwen pa wè molè, ensisiv e kanin…"
(met la flòbòp)

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Manman Kaka



Twa fi kap di manman ki moun yo ta renmen ye gen youn ki di se manman ti Ronaldo mwen ta renmen ye, gen yon lòt ki di se manman Messie mwen ta renmen ye, twazyèm nan di tout moun konnen se manman Kaka mwen ta renmen ye …

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Depanse pou trankilite



Yon patnè ka l nan vakans ak belmè l ak madanm li an Izrael. Pandan vakans lan bèlmè a mouri, yo di yo pou yo retounen ak kadav la lap koute 5000 us, e si yap chante antèman an sou plas, lap koute 100 us. Mari a di nou prale a kadav la, moun yo di nap baw yon gwo seremoni pou 100 dola wi, misye di non, nou prale ak kò a. Pandan yap ranje malèt yo pou yo ale
Fi a di : "cheri m vrèman renmen jès sa ou fè pou manmanm lan, sa pwouvem ke ou renmenm e ou gen anpil respè pou manmanm."
Mari a gadel li di : "se moun sa yo wi ki te antere Jezi, apre twa jou li te resisite, m pap pran chans m pa vle pès sa tounen nan boudam anko …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon bon frè legliz



Yon frè kap priye pou l’ gen yon radyo, frè a fè 11 mwa lap mache nan jeune sou 1 an li gen radyo a,
Frè a di: "mwen mache nan jeune trop kounye a mwen branche lakay mwen en direck, mwen pap mache al nan jeune anko".
Frè a tou pa al legliz ankò …

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ap kesyone papa l: Yon yatch ou yon bato?



Toto di papal: "Papa, gade yon Bato!"
Papa a di: "Non, c on Yatch."
Toto di: "Kòman l’ ekri papa ?"
Papa a reponn: "Ou gen rezon pitit mwen, c on Bato …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Yon nèg ki sou kap sot nan yon fèt



De nèg sot nan yon fèt, yo wè yon lòt nèg kanpe sou tankou yon pipirit devan kote fèt la t'ap fèt la. 
Yo di misye : "Patnè, ou pap ka kondwi machin lan non pou ale lakay ou paske'w twò sou!"
Misye reponn : "Oh non, tèt mwen ap vire epi mwen wè tout kay yo ap pase devan'm lan. Se tann m'ap tann lè kay pa'm lan pase pou mwen tou rantre ladann."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon Jako ki pale 2 lang



Yon mesye ki tal achte yon jako. 
Machann lan di-l konsa: "jako sa pale 2 lang (fransè/anglè)."
Mesye a di: "Ah wi ? ki jan pou-m chwazi ki lang pou li pale ?"
Machann lan di l: "Trè Senp, li genyen yon fil nan chak pye yo. Lè ou rale fil sou bò gòch la, li pale fransè. Lè ou rale fil dwat la, li pale anglè."
Mesye a di : "E si mwen rale de pye yo a la fwa ?"
Jako a reponn li : "enbesil! Mwen ap fout tonbe sou boudam …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Lekòl modèl, se lekòl Toto



Toto sot lekòl ak yon sèl kè kontan,
Papa l mande l : "saw genyen Toto."
Toto reponn li : "zoe lekol atis, pwofesè a real, li pa janm gen tan poul fè nou resite, ni poul ba nou devwa, se kale blag epi vale kleren tout lasent jounen!"
Papa a reponn : "Oh shiiiit Son, ou fèm anvi tounen lekol tou wi dor …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Pi bèl esplikasyon sou fonktyonman politik an Ayiti



Yon pitit gason ki mande papi l’ kisa ki politik ?
Papi reponn li di: "Tankou nan kay la se mwen ki chèf, mwen se prezidan, manmanw kap jere kay la ak lajan yo li se gouvenman, ou menm se klas mwayenn nan, ti frèw se avni peyi a epi sevant lan se mas pèp la."

Pandan aswè ti gason an tande ti frè a kap kriye li leve al gade li jwenn ti frè a sal kapèt la, lè l’al nan chanm nan li jwenn manman l ap dòmi, li al gade nan chanm sèvant la, li jwenn papa l ap pyafe sou sèvant la. 

Demen maten misye di papi l ke l konprann sak politik la,
Papa a di: "se vre ? Ebyen esplike m."
Ti gason an di : "prezidan ap pyafe sou mas pèp la, gouvenman ap dòmi, klas mwayenn nan lage pou kòl pandan avni peyi a ap benyen nan kaka …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon machann ki vann tout bagay



Yon madanm ki mete yon afich nan pòt kay li!
afich la di « isit la nou vann tout bagay, sa nou pa genyen nap fèl pou ou.»
yon vakabon tap pase li wè afich la, l’al frape nan pòt madanm nan, li mandel sil vann bèt! Madanm nan mandel ki bèt? Li di ti bèf, madanm nan dil pa genyen. 
Vakabon an reponn li di : "ebyen fè yon ti bèf pou mwen …"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon moun fou kap ekri yon lèt



Yon moun fou chita lap ekri,
Yon nèg mandel : "sa wap fè la baz ?"
Moun fou a reponn li : "yon lèt map fè la poum voye bay tèt mwen."
Nèg la mande l : "e kisa ki nan lèt la ?"
Moun fou a reponn: "ki radòt w'ap mande m la ? m poko menm resevwa lèt la.."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Exanp Selebratyon 5 an maryaj



Yon ti dam kap fete 5 an maryaj li, Mari'l achte yon boutèy chanpay pou bwè avèl. Misye antre nan yon twalèt poul al rele manzè nan yon lòt nimewo pou l’ jwe avè l’,
Mari a di: "Alo cheri!"
Manzè di l : "Rele m back salopri, mari m fout la! te kwè m diw pa rele m se mwen ki pou rele'w ?"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

"Grenn", "Plim", "Pòm"



Vwala se yon papa ki gen yon pitit fi men te gen yon nèg kite anvi kouche pitit la men li pat konn kisa pou li fè. Yon jou li deside pou li al mande yon ti travay lakay papa tifi a men papa tifi a te gen anpil lajan, li te gen anpil sekirite nan lakou li.
Lè misye rive, papa tifi a mande misye kijan li rele. Misye di li rele "Grenn". Misye komanse ap travay, yon jou manman tifi a mande misye ki jan li rele. Misye di li rele "plim". Yon jou, yo voye misye al pase mòp nan chanm tifi a, e se konsa misye tou jwenn ak tifi a andedan an. Tifi a mande misye kijan li rele, Misye di li rele "pòm". Epi misye pap, li vole sou tifi a, se sa l bliye li pa fè tifi a.


Tifi a menm ap rele manman l : "Mamman, men pòm nan bouda-m"
Manman an menm di: "Kijan pòm lan fè nan bouda-w? Se manje yo manje pòm."
Tifi a di: "Manman, mwen diw men pòm nan bouda m."
Epi manman-an kouri al gade. Lè li rive, li wè se "plim". Li rele mari l, 
Li di: "Cheri, vinn wè plim sou pitit la".
Papa a menm di: "Men Cheri, pitit mwen se demwazèl, li sipoze gen plim."
Manman an di: "mwen fout di w men plim sou pitit la, ou pa vinn wè."
Epi papa a pa fè tèt di, li al gade. Lè papa a rive li wè se Grenn. Lè misye wè papa-a li fè pap, li leve kouri. Papa-a menm rele tout sekirite li yo,
Li di: "Kenbe Grenn."
Tout sekirite yo lage zam yo epi yo kenben grenn yo.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ak mil goud la



Toto ki rive an reta nan lekòl
Pwofesè a di: "Toto poukisa ou rive an reta ?"
Toto reponn: "Yon mesye ki pèdi yon mil goud."
Pwofesè a di: "An ou tap ede l chèche l se sa'k fè'w rive an reta ?"
Toto di: "Non, li te anba pye'm e mwen pa't ka deplase."


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kay 2 etay la



Yon manman mouri li kite yon kay ak etaj pou 2 pitit gason li yo.
Gran frè a ki pi raketè di ti frè a : "map pran anlè a ou mèt pran anba fè sa ou vle avèl..."
Apre 6 mwa gran frè a mete 2 etaj. Ti frè a al kote gran frè li,
Li di : "o apa mwen wè wap mete etaj ?"
Gran frè a di : "mwen te diw fè saw vle ak paw la..."
Ti frè a di l : "men se sa mwen vinn diw la wi, map kraze anba nan semen nan..."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.