Extension Factory Builder Blag Créole: Toto nan kou matematik

Toto nan kou matematik

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


Toto ki nan kou matematik,
Pwofesè a di Toto:  "Si m' ba w 2 chat + 2 chat + 2 chat anko sa fèw konbyen chat ?"
Toto di: "Sa fè 7 chat mèt la"
Pwofesè a di: "Tande byen mwen baw 2 chat mwen re ba w 2 apre mwen mete 2 anko sou li sa fè konbyen ?"
Toto di: "o o sa fè 7 mèt la"
Pwofesè a di : "Ok mwen baw 2 zoranj mwen ba ou 2 anko apre sa mwen mete 2 anko, sa fè konbyen ?"
Toto di: "sa fè 6 mèt la"
Pwofesè a di l anko : "ehbyen mwen baw 2 chat mwen ba ou 2 anko apre sa mwen re mete 2  sou li, sa fè konbyen ?"
Toto di : "sa fè 7"
Pwofesè a di : "toner, kote ou fout jwenn setyèm chat sa ?"

Toto di : "paskem gen yon CHAT lakay la deja mèt la".


Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li



* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires