Extension Factory Builder Blag Créole: janvier 2012

Grangou fè nèg manje sa yo pa ta dwe

Yon jou yon nèg ki tap soti nan jaden. Van ak lapli bare l', li kanpe pare lapli a anba on ti kay, men li gen yon grangou. Epi li wè de timoun ki gen yon kwi patat ak yon mamit lèt, y'ap jwe avè l'. Li pwoche kot timoun yo
Li di: "Timoun m' grangou, sa nou ka fè pou mwen ?"
Timoun yo ba l' patat la ak lèt la, epi li manje ak bwè vant plen. Lè li fini,
Li di: "Timoun, granmoun nou pap kale nou pou patat la ak lèt la ?"
Timoun yo di: "Non, paske chen te bwè nan lèt la."
Nèg la fè kòlè, l'ale pou li kraze kwi a,
Youn nan timoun yo di: "Non, non, non, pa kraze kwi a, se ladan l' manman m' konn pipi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Mwen Kenbe Ou Jodi a

Se te yon fanm ki te gen yon lòt nèg sou kote sou mari li. Yon jou li pral nan otèl ak lòt nèg la. Pandan l'ap antre nan otèl la, li kwaze bab pou bab ak mari li ki ap soti nan menm otèl la tou avèk yon lòt fanm.
Manmzèl di: "En Hen jodi a mwen fout kenbe ou. Bondye fè m' te tou mache ak avoka m."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Fèt Pou Moun Tèt Kale

Vwala se te yon tafyatè ki te sot bwè, epi l'ap mache nan mitan wout la tou sou. Touswit misye tande yon mizik k'ap frape, l'al gade. Lè li rive li vini pou l' antre. Sekirite ki devan pòt la, ki se yon avèg,
Di li: "Non papa ou pap ka antre. Se moun tèt kale sèlman ki ka antre la."
Misye di: "Ebyen oke, mwen pral wè sa."
Tafyatè a vire li desanm pantalon li epi li pike dèyè li alè devan avèg la,
Li di: "Men nou."
Avèg la manyen dèyè misye (li panse se de tèt kale) epi
Li di: "Konbyen moun ki la?"
Nèg la reponn: "Nou 2 wi."
Avèg la di: "Ooo tèt nou twò kale mesye, nou mèt antre."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Ti joel twonpe sou 2 moto

Ti joel soti nan klèb lannwit byen sou, l'ap mache nan lari a nan fènwa. Misye ap mache nan mitan lari a apenn li wè de limyè k'ap vini.
Misye di: "O! Gad de moto kap vini."
Ou konnen chofè Ayiti, depi yo wè bagay nan mitan lannwit nan lari yo konn se lougawou, yo pap frennen pou machin pa chavire. chofè a ouvri gaz li sou Tijo. Machin nan frape misye. Ti joel sezi epi pandan l' atè a
Li di: "O! O! Apa te gen yon bwa nan mitan de moto yo!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon Sèl Fwa

Se te yon ti dam ki t'al aplike pou yon travay. Yo ba li yon fòm pou li ranpli. Fòm nan mande non, prenon, li mete yo kòrèkteman. Lè li rive pi ba nan fòm nan li wè "Sèks", sa vle di pou li mete maskilen oubyen feminen. Sa ou kwè demwazèl la mete? "Yon sèl fwa."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Maladi sik

Gen yon nonm ki leve yon maten li ale kay doktè. Apre doktè a finn fè dyagnostik pou misye,
Dòk di pasyan an: "Monchè, mwen wè w'ap devlope yon maladi sik. Donk map mande ou evite tout sa ki dous."
Lè misye rive lakay li, premye bagay li fè, li mete madanm li deyò.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kout pitit

Gen yon tifi bò lakay la ki gen menm 7 ane pou piti. Depi li fèt li pa janm pale. Yon jou li leve konsa, tout moun sezi,
Tifi a di : "MATANT !"
Nan demen, yon sèl sè manman tifi a te gen, li tonbe bip, li mouri san malad. Tifi a pa janm pale ankò. Apre twa mwa konsa, tifi a rete yon jou
Li di: "PAPA!"
Papa tifi a menm tonbe kriye, mache konfese peche, di kijan li ta renmen pou antèman li fèt paske li pral mouri nan demen. Demen maten, papa a tou ret kouche nan kabann li yon fason pou li pa mouri lèd. Gen yon vwazen ki tap viv nan katye a depi konbyen ane, se li menm ki tonbe bip li mouri san bat.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Granmoun chouk la

Zenglendo antre nan yon kay Pòtoprens ki chaje ak fi.
Bandi yo di : "Tout fanm ki gen dan nan bouch yo anba kok".
Yonn nan nèg yo poze men sou yon ti granmoun ki te nan kay la pou li vyole li. Yonn nan ti medanm yo pran pitye pou grann li,
Li di : "Mezanmi, tanpri pa fè grann sa, se yon vye granmoun li ye wi. Li pa menm gen dan non. Pito ou pran nou nan plas li pito."
Granmoun nan reponn : "Rizyèz, pe la ! E chouk la m’ gen an, li pa konte?"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Rasis nan legliz

Blag se pase USA nan epok rasis la te fo anpil
Yon pastè nwa pa erè antre nan yon legliz ki gen yon siy devan li ki make "White People Only" ki vle di "Moun blan sèlman". Pandan pastè a andedan an, yon isye nan legliz la vinn pale ak li: "Zanmi, sanble ou pat wè afich la ki devan legliz la."
Misye reponn : "Se pa wè m’ pa wè li non, men kòm se legliz Bondye, mwen antre kanmenm."
Isye a di : "Nou pap mete ou deyò, men pwochèn fwa, pa fè erè sa a ankò."
Pas di : "Frè m’, mwen pral priye Letènèl, si li di m’ retounen, m’ap toujou retounen isit la."
Sèvis la vinn fini, pastè a ale. Apre twa mwa, pastè a rankontre ak frè blan an bab pou bab nan yon magazen. Frè a di pastè a se pa li pa janm wè li retounen legliz la, èske li te al pale ak Letènèl la.
Pastè a reponn misye : "Frè m’, mwen te fè sa vre wi men Letènèl di m’ menm li menm li pa mete pye kote konsa, kisa m’ pral chache la."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Parye sou moun fou

Pandan mwen devan TNH la sou Delmas, mwen wè de vakabon k’ap fè diskisyon sou yon fanm tèt cho ki kanpe lòt bò lari a. Moun fou a mete yon ti rad byen fen. Yonn di sa l’ we anba rad sa a paka lòt bagay ke yon kilòt nwa, lòt la di non, se plim. Nèg yo deside parye 40 dola, 20 dola ladan pou fanm fou a, pou yo al mande li. Lè yo rive bò fi a, yo eksplike li koze a. Li pran lajan an epi li leve rad li pou yo wè.
Li di: "Tout se mouch, tout se mouch!".
Tou de nèg yo pèdi.
-->

--> klike pou tande blag la




* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon Ayisyen ak Yon Dominiken Fas A Lisifè Nan Lanfè

Se te yon Ayisyen ak yon Dominiken ki tap plede goumen. Finalman yonn touye lòt. De lennmi yo al nan lanfè. Lè yo rive anba a, yo kwaze ak Mesye Lisifè. Satan mande nèg yo kisa yo vin chache nan patiraj li. Apre yo fin eksplike li sa ki te pase, li fè pote de droum plen : Yon dwoum siwo ak yon dwoum poupou. 
Li di: "Nou chak antre nan yon dwoum". 
Dominiken an ki te pi entèlijan gentan antre nan dwoum siwo a. Ayisyen an pa gen lechwa, li lage kò li nan dwoum ki gen pwodwi cho a. Nou pa bezwen mande jan bagay sa a te gen move lodè, poupou djab. Pandan yo nan dwoum nan, dominiken an ap griyen dan li sou malere ayisyen an. 
Lisifè di : "Kounya, soti nan dwoum yo, epi yonn niche kò lòt."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Nan yon Restoran

Gen yon eleman ki antre byen chèlbè nan yon gran restoran Pòtoprens (avan tè a te tranble a wi). Li rale meni li, li fè kòmand manje ak bwason. Epi li chita, li pran tan li, li manje vant deboutonnen. Lè mouche a fin manje, yo pote bil la ba li. 

Li di sèvèz la: "Ban m' poze ou yon ti kesyon, si yon moun finn manje isit la, epi li pa gen lajan pou peye, kisa n'ap fè?"
Dam nan kouri al rele moun ki nan tèt restoran an pou ka vinn reponn kesyon kliyan an. Manadjè a vini,
li di misye: "N'ap ba moun nan 3 kout pye nan bouda epi nou voye l' ale."
Mouche a reponn: "M' panse sa te pi mal. Ebyen nou mèt tou ban m' 6 paske m'ap tounen pita pou dine."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

De frè

Jan se gran frè Pyè. Jan Mennen Pyè al enskri nan yon lekòl. Lè yo rive devan lekòl la, Jan wè yon ansèy ki make an fransè "Pas de frais d’entrée." Jan di: "Pyè, w’ap tann mwen deyò a, paske yo pa vle pou de frè antre isit la."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

M vle ale tou

Se te yon madanm ki te renmen mari li anpil, men twouve mari a vinn mouri. Manmzèl rele kèk moun pou ki vinn ede l’ antere li. Men pendan y’ap kondwi mò a, 
manmzèl tonbe rele: Mwen vle ale ave ou.
Moun yo ap swiv manmzèl, lè li rive devan twou yo pral lage mò a, 
Madanm lan rele byen fò: Mwen vle ale avè ou.
Epi gen youn nan moun yo ki pouse li, li manke tonbe nan twou a, epi madanm nan gade dèyè,
Li di: Se pou ou te fè m’ tonbe.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto twonpe nimewo

Toto rete konsa yon samdi swa li branche sou selilè li pou li rele mennaj li. Li fè nimewo a li mande pou dam nan, epi 
Yon vwa reponn: "Dezole mesye, ou twonpe nimewo." 
Mouche a di: "Se pa 444 45 56 mwen te fè?"
Moun nan reponn: "Non mesye, se pa nimewo sa m’ genyen."
Toto reponn: "Eben, Enbesil, ou te wè se pa t’ nimewo pa ou la, poukisa ou te fout reponn?"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Satan ak Jezi

Satan ak Jezi rankontre. 
Satan di: "Men peyi sa a, Ayiti. Se kote pam! Tout dwòg, tout vyolans, tout soufrans, tout mechans — Ayiti se peyi pou mwen."
Jezi reponn: "Vreman? Ban m wè." 
Donk Jezi ramase peyi dAyiti, li ajite l anpil anpil, epi 
Tout moun kriye: "O Jezi, Jezi, ede m Jezi!"
Jezi gade Satan: "Ou wè sa? Ayiti se peyi pa m!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Elastik

Yon jou pandan m’ tap desann yon ji sitwon nan yon ti ba-resto sou Lali a, yon nè kouri antre nan ba a tou cho tou bouke. 
Li di: "Gen yon moun la a ki sot pèdi yon gwo woulo lajan, woulo lajan sa te gen yon elastik ki mare l’ ?" Yon moun anndan ba a kouri vin kot nonm nan, epi 
Li di: "Se mwen wi ki sot pèdi woulo kòb la." Nèg la lonje elastik la ba li,
Li di l’ : "Mwen jwenn elastik la pou ou.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Pèmi pa lisans

Yon vandredi aprèmidi gen yon nonm ki monte sou volan machin li nan Petyonvil epi li tonbe ap kouri pasi pala. Nonm nan pa respekte okenn siy. Chak kote li pase, li manke frape moun, epi l’ ap joure yo ankò met sou sa. Menm nan kafou li pa ralanti, tankou m’ ta di ou lari a se jaden defen papa l’ te mouri kite pou li, l’ ap jwi l’. Gen yon polisye menm ki t’ ap flannen, li remake misye ap fè dezòd epi li swiv li. 

Polisye a kanpe misye epi li mande li lisans li. Sa ki pi bèl la, sanble nonm nan pat gen yon bout lisans nan pòch li. Men li pa pale anpil ak polisye a, li foure men nan pòch li, li rale yon biyè 500 goud tou nèf li lonje bay ofisye a. Polisye a gade misye fiks tankou ke se ranse misye ap ranse avèk figi li. Li rape papye lajan an nan men misye, epi li di: Map kite ou ale, men ti lisans sa ou bay la a se yon pèmi li ye. Pèmi pa lisans. Pwochèn fwa ou kite m’ jwenn ou ankò, sonje mache ak yon pi gwo lisans osinon m’ ap fouke ou.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.