Extension Factory Builder Blag Créole: Fèt Pou Moun Tèt Kale

Fèt Pou Moun Tèt Kale

Vwala se te yon tafyatè ki te sot bwè, epi l'ap mache nan mitan wout la tou sou. Touswit misye tande yon mizik k'ap frape, l'al gade. Lè li rive li vini pou l' antre. Sekirite ki devan pòt la, ki se yon avèg,
Di li: "Non papa ou pap ka antre. Se moun tèt kale sèlman ki ka antre la."
Misye di: "Ebyen oke, mwen pral wè sa."
Tafyatè a vire li desanm pantalon li epi li pike dèyè li alè devan avèg la,
Li di: "Men nou."
Avèg la manyen dèyè misye (li panse se de tèt kale) epi
Li di: "Konbyen moun ki la?"
Nèg la reponn: "Nou 2 wi."
Avèg la di: "Ooo tèt nou twò kale mesye, nou mèt antre."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires