Extension Factory Builder Blag Créole: Nan yon Restoran

Nan yon Restoran

Gen yon eleman ki antre byen chèlbè nan yon gran restoran Pòtoprens (avan tè a te tranble a wi). Li rale meni li, li fè kòmand manje ak bwason. Epi li chita, li pran tan li, li manje vant deboutonnen. Lè mouche a fin manje, yo pote bil la ba li. 

Li di sèvèz la: "Ban m' poze ou yon ti kesyon, si yon moun finn manje isit la, epi li pa gen lajan pou peye, kisa n'ap fè?"
Dam nan kouri al rele moun ki nan tèt restoran an pou ka vinn reponn kesyon kliyan an. Manadjè a vini,
li di misye: "N'ap ba moun nan 3 kout pye nan bouda epi nou voye l' ale."
Mouche a reponn: "M' panse sa te pi mal. Ebyen nou mèt tou ban m' 6 paske m'ap tounen pita pou dine."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires