Extension Factory Builder Blag Créole: An afè

An afè

Se te yon nonm ki gen yon zanmi dwe l’ yon lajan. Zanmi a pa janm sispann ba misye manti, vire li, tounen li. Epi yon lè misye leve li di jodia fòk mwen jwenn lajan m. L’ ale lakay zanmi an. 

Li rive li mande: "Kote Mesye Djo?"
Moun yo di: "Li te la men li fè yon soti, nou pa konnen ki lè l’ ap tounen."
Sitwayen an di: "Oke, pa gen pwoblèm. Lè misye retounen pa bliye di li tanpri mwen te pase kote li, epitou pa bliye di l’ tou pou mwen lè l’ ap kache, sonje kache pye l’ pi fon anba kabann nan."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires