Extension Factory Builder Blag Créole: mars 2012

Istwa Yon nèg ki jalou anpil anpil

Yon nèg ki antre lakay li apre vakans, li mache sou pwent pye poul fè yon sipriz a madanm li ki nan chanm nan. Lèl rive sou kabann nan, anba dra li wè 4 pye olye de 2. Li pran yon baton,li ronfle tou 2 moun yo. Lè li antre nan cuisine nan poul al pran yon ti souf,li wè madanm li ki chita ap tann li.
Madanm lan di: "manman w ak papa w vinn fè weekend nan avè nou, m ba yo kabann nou an pou yo dòmi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Bouki ak chen li an

Yon jou Ti malis ale kay Bouki. Lè li rive nan Lakou a li sezi pou sa li wè, li pran tan-l pou-l gade Bouki kap jwe domino avèk chyen li an!
Ti malis di : "Bouki, ou genyen yon chen ki entelijan papa! Li konn jwe domino."
Bouki reponn : "li pa tèlman entèlijan. Mwen bat li 5 fwa deja!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Depite a ak Chany la

Gen yon Depite ki vinn netwaye soulye l epi li bay chan'y lan 5 goud.
Chan'y lan di : "mesye! kounye a pa gen Depite ankò non, lontan lè yon Depite te konn finn netwaye soulye w se 100 ou 50 goud li te konn bay!" 
Depite a di : "Mesye! lontan lè yon chany te konn netwaye soulye w menm figi w te konn wè ladan l, kote chan'y sa yo ?"
Chany lan reponn : "Tout fin Depite!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Ougan masisi a

ougan haitien, prêtre vodou, le vodou haitien,
ougan masisi a
Yon nèg bezwen gen yon pwen pou li konnen tout sa ki pral rive li. L'ale kay yon ougan pou li ka gen pwen an. Lè li rive ougan di li pou l' retire tout rad li pou l rete toutouni. Aprè li di l' kouche. 
Misye di ougan an: "Pa di mwen ou pral fè ... avèk mwen non?" 
Ougan di misye: "Ou gentan gen pwen deja, ou wè sa ki pral rive ou."


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Fanm lèd la ak Jako a

Yon fi ale nan yon kote y'ap vann jako. Osito li rantre gen yon jako ki tonbe di "Wipip! A la fanm lèd!". Fi a fache li ale. Nan lòt semèn li retounen, jako a di "Wipip! A la fanm lèd!" Fi a al kote mèt makèt la li di fè jako a sispann. Misye di ok. Lòt semèn fi a retounen jako a di "Ou konn tout bagay".

-->



* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Priyè Rasta a

Yon Rasta kap lapriyè : Yow Jezi man, so today mwen vinn ajenou nan feet ou la, because mother fucker yo bay pou satan an sòti pou l' fuck top mwen wi blòd, so mwen just tchekew. Etandone ke tout power se nan men w' yo chita, wa jerem, ok Jah, m lesew wi dò, si sa nan pwogwam ou wa push mwen thug. Amen

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto kap karese



Toto kap fè lanmou ak yon fi,
Fi a di Toto : "ou tankou yon selilè"
Toto reponn : "ou santi l' vibre anndanw bb?"
Fi a di : "Non, ou pèdi signal 2tanzantan."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.