Extension Factory Builder Blag Créole: Kout pitit

Kout pitit

Gen yon tifi bò lakay la ki gen menm 7 ane pou piti. Depi li fèt li pa janm pale. Yon jou li leve konsa, tout moun sezi,
Tifi a di : "MATANT !"
Nan demen, yon sèl sè manman tifi a te gen, li tonbe bip, li mouri san malad. Tifi a pa janm pale ankò. Apre twa mwa konsa, tifi a rete yon jou
Li di: "PAPA!"
Papa tifi a menm tonbe kriye, mache konfese peche, di kijan li ta renmen pou antèman li fèt paske li pral mouri nan demen. Demen maten, papa a tou ret kouche nan kabann li yon fason pou li pa mouri lèd. Gen yon vwazen ki tap viv nan katye a depi konbyen ane, se li menm ki tonbe bip li mouri san bat.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires