Extension Factory Builder Blag Créole: Toto mande direktè lekol li yon abònman pou l ka fe dezod

Toto mande direktè lekol li yon abònman pou l ka fe dezod

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki nan yon lekòl ki gen dòtwa ladan l, tout elèv lekòl la se ladan l yo tou abite jis ane lekòl la fini. Direktè lekòl la ap fè yon reyinyon pou bay tout prensip lekòl la avan menm ane a kòmanse.
Lè direktè a ap fini diskou li,
Li di : "Kòsenans dòtwa yo, map raple nou ke pati pa fi yo entèdi pou tout gason lekòl la alawonnbadè",
li kontinye li di :  "si nou rankontre youn nan gason lekòl la nan dòtwa medam yo san yo pa ak yon responsab lekòl la yap peye amand. Premye amand lan se 10 $ lap ye, dezyèm amand lan ap pi chè, se 40$ lap ye, twazyèm nan ap 100$. Eske nou gen kesyon ?"
Toto leve men l epi l di : "Konbyen kòb abònman an ye pou ane a Direktè?"




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires