Extension Factory Builder Blag Créole: Toto genyen nan yon bolèt li te jwe ansanm ak Ti joel

Toto genyen nan yon bolèt li te jwe ansanm ak Ti joel

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki fè yon rèv, li mande Ti joel si li konn tchala l byen pou l ka esplike l rèv la.
Ti joel di : "Wi, ki rèv ou fè?"
Toto di : "mwen reve lopital"
Ti joel di : Map baw bou l la men siw genyen nap separe kob la a 2, eske dako?"
Toto di l pa gen pwoblem. San reflechi Ti joel di l lopital bay 16-61.
Toto kouri al jwe 16-61 chak a 25 goud. 2 zèd tan apre bolet la tire, yo bay 18-56-22 lè Toto wè l pèdi vre li fè 16 la tounen 18 pou l al touche. Lè Toto rive a fich la, yo bat li byen bat. Lèl retounen lakay li li jwenn Ti joel.
Ti joel di l : "Saw genyen la Toto?"
Toto di : "mwen fè aksidan men mwen genyen nan bolèt la wi epi paka mache, al touche pou mwen non.
Ti joel pa menm gade fich la, lè li rive yo bat li byen bat li kouri al kay Toto,
Toto di : "Saw gen la konpè?"
Ti joel di : "Saw fèm la?"
Toto di : "Sim te genyen saw te di nou tap fè?"
Ti joel di : "nou tap separel a nou 2"
Toto di : "Ebyen yo bat mwen, m separel a nou 2".





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



 

 

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires