Extension Factory Builder Blag Créole: Toto ak 2 bel kout pitit li yo

Toto ak 2 bel kout pitit li yo

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ak madanm li ki marye yo gen 2 bel piti fi. 
Toto vinn deside pou madanm li ansent pou li, pou-l ba'l yon ti pitit gason. Apre kelke mwa, madanm Toto ansent.
9 mwa pita, madanm Toto akouche. 
Toto ki pat la, pran nouvel madanm li akouche.
Toto kouri al lopital General pou-l we timoun lan.
Le Toto rive, li we timoun lan. Oh! Oh! Toto sezi. 
Toto al nan chanm lan kot madanm li,

epi li di:"Cherie pa gen okenn fason timoun sa se pou mwen, paske timoun sa two led. Gad 2 bel pitit fi mwen ba ou."
Epi Toto gade madanm li yon jan,

Li di-l: "Cherie ou banm kout pitit."
Madanm Toto gade-l epi byen janti li reponn li: "se 2 premye timoun yo ki pat pou ou."





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

 
 


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires