Extension Factory Builder Blag Créole: Toto genyen papa l nan yon pari sou kilot pwofesè lekol li

Toto genyen papa l nan yon pari sou kilot pwofesè lekol li

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki telman renmen jwe aza, e li toujou genyen nèg nan jwèt. Tout moun sou katye a konnen-l. 
Lendi se te premye jou lekol, papa Toto mennen-l lekol, epi papa a rele madmwazèl la a kote. 
Li di-l kelkeswa leson-w wap fè nan klas la, pa parye anyen ak Toto.
Madmwazel lan dako. 30 minit apre papa Toto ale, Toto rele madmwaze-l lan li di-l map parye $50.00 map di-w ki koulè kilot ki sou ou an. Madmwazèl lan aksepte. Pandan yo bay rekreyasyon madmwazèl lan al retire kilot sou li, li mete-l nan valiz li, epi lè lekol lage, Li di Toto di-m ki koulè kilot ki sou mwen an, Toto reponn Jaune Madmwazel lan ri epi li leve rad li,
Li di: "ha ha, jodia ou resi pèdi."
Toto di ok mwen dako, vinn al nan machinn lan kot papam poum ba-w kob la. Le madmawazèl lan rive kot papa Toto,
li di-l : "jodia Toto resi pèdi." 
Papa Toto mande-l, koman sa? Epi madmwazèl lan ap esplike sa ki pase an.
Papa Toto di:  "tchuipsss, kyèt gad sa ti vole a fè'm"
Le madmwazèl lan mande-l sak pase.
Papa a di: "Se parye li te parye avè-m, avan lekol lage li tap wè anba-w."




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production





* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires