Extension Factory Builder Blag Créole: juin 2013

Pitit pitit Toto a

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Yon ti bb ki fenk fèt épil tonbe ri (haha, haha). Li tèlman kontan, doktè a twouve sa dwòl paske lè ti bb fèt c kriye yo kriye. Men yo gade yo wè 1menl fèmen, lè doktè a ouvri men an li jwenn 5 konprimé pou jete pitit ak 3 konprimé planinn ...




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production






* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Istwa yon touris Japonè nan Pòtoprens







Haiti need your help, click to see how you can contribute!




Yon touris japonè rive nan ayewopò Tousen Louvèti epi l pran yon taksi pou al vizite Stad Sylvio Cator.
Pandan yo sou wout ayewopò, li gade nan vit dèyè a li apèsi yon moto k ap double yo, li tape zepòl chofè a epi l di: «Moto Kawazaki, trè rapid... Fabrike o Japon!».
Lè yo rive yon ti jan pi lwen sou wout la, touris la tape zepòl chofè a ankò epi l di: «La... Oto Toyota, trè rapid... Fabrike o Japon!»
Menm si l fatigan, chofè a pa di anyen.  Li kontinye wout li jiskaske l rive stad Sylvio Cator epi l debake pasaje a: «Oke mesye, sa fè 700 Goud».
Pri a fè Japonè a pantan: «O la la... Trè chè!»
Epi chofè a vire gade l an souriyan: «E wi , kontè trè rapid... Fabrike o Japon!»



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Centre d'apel kay Toto

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki marye li vle bay pitit li yon bon edukasyon. chak fwa Toto bezwen fe sex avek madanm li li komanse pale jagon. pou timoun yo pa konprann li di madanm li cheri mwen bezwen fe yon apel , yo antre nan chanm nan. yon jou Toto bezwen fe sex li rele yon nan timoun yo al di manman w mwen bezwen fe yon apel, manman an di al di papa w telefonn nan gen problem Rezo, Toto di al di manman w si li pa banm fe apel la mwen pral deyo a pou m fe apel nan yon cyber cafe, manman di al di papa w si l gen maleur li soti deyo a map fe kay la tounen"yon centre d'apel




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production






* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Definisyon Toto de Katalog

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Yon pwofesè franse kap fè kou
li di: "Quand une personne parle seule c'est un monologue, quand 2 personnes c'est un dialogue."
Et il demande a Toto quand 4 personnes parlent ?
Toto répond: "c'est un katalog"



 
Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production
 




* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto bon sou yon dominiken

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto Ak on dominiken antre nan yon makèt... pandan nèg yo ap tcheke, dominiken an gad anwo l gad anba li vòle 3 ti sachè bonbon li met lan pòch li.. Lè nèg yo soti lan makèt la,
Dominiken an di Toto: "yo, m se pi bon vòlè ki ekziste, m se chanpyon di mond... M sot vòlè 3 sachè bonbon e pa gen okenn moun ki wèm, tonè krazem ou pa tap ka fè sa".
Toto di: "e vre! Ou pa gen fa sa sou t
èt dyol ou, ann retounen lan makèt la poum montre w ki jan yo vòlè"
So tou 2 nèg yo retounen, yo al sou kontwa a, epi
Toto di kesye a: "ou vle wè maji ? Kesye a reponn wi"
Toto di pa gen pwobl
èm, "Banm on ti sachè bonbon" patnè a ba li youn epi li manje'l... Toto mande l' pou on lòt, li manje l' ... Toto mande l' pou on twazyèm epi li manje l' ...
Kesye a mande l': "kot maji a ?"
Toto di: "al tcheke pòch blòdè dominiken an wa jwenn yo."





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production


 


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto pran nan kout pitit

toto jokes,
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Leta jamayik deside bay tout papa 5 pitit yon prim 1,000,000 dola ;
Toto di madanm li: "cherie m gen yon pitit deyò banm al dèyèl met sou 4 pa nou yo nap fè yon milyon'n dola a."
Madanm Toto ret an silans ; Lè misye tounen se yon sèl ki rete nan 4 timoun yo,
Toto di madanm li: "kot rès timoun yo ?"
Madanm nan reponn: "se pa sèl ou menm ki te tande nouvèl la non papa lòt yo tande nouvèl la yo vinn pran pa yo wa tou..."




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

  



* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto kap trip sou yon masisi



Toto k'ap pran pòz li pa vle wè masisi, tout jounen li gen yon joure pou l'ap joure nan deyè moun sa yo.
Dimanch pase Toto al nan plaj Indigo, kou l parèt, li wè 80% moun ki anvayi plaj la se masisi. Sa w tande a, Toto mande anraje.
Li al chita bò kote yon mesye li wè ki pou kò l' kap koule kèk byè.
Epi lap joure, mesye a pa janm okipe l'.
Aprè yon 15 minit, yon lòt mesye parèt li fè yon ti bo sou bouch mesye ki chita bò kote Toto a, li tèlman sezi, li mande anraje pi rèd , li joure mesye yo byen joure epi l vire do l kite plaj la.
Nan demen Toto gen randevou anbasad, lè l rive, moun li wè kòm Konsil la, se mesye ki te chita bò kote l sou plaj la li te joure a.
Yon bèl dam gade Toto epi l di l:
- "Paspò w mesye."
Masisi a ki wè Toto ap vini anfas li epi l' tonbe chante yon mizik Arly Lariviere:
- "Se toutan m'ap mande, si yon jou nou pa t'ap kwaze, men 2 mòn pa kontre, li diferan pou 2 kretyen vivan."
Toto menm ki sou men l, kòmanse swe. Gen yon chante Nickenson Prud'Homme ki monte nan tèt li, li tonbe chante tou :
- "Pa gen moun ki pa fè erè, pa gen erè ki pap ka defèt. Pa Gen moun ki pa fè erè nou se pechè sou latè ..."


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Madanm Toto kenbe Toto nan chacha



toto joke's
Se madanm Toto ki kenbe Toto ak vwazin'n nan ; Madanm Toto rele bòn nan 
Li di l: "ou wè travay toto ? m kenbel ak lot fanm sou kote a wi!"
Bòn nan reponn li di: "kounya lew vinn dim sa pou'm ka fè jalouzi.."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto ak madan patwon li a



Toto ki alèz ak direktè travay li a anpil, misye konn tout ti sekrè patron an, nèg yo tèlman alèz, Toto konn al lakay misye menm lè patron an pala. Yon jou patron an rele Toto li di,l: Monchè ti sekretè ki fèk vini an, m gentan kouri avè'l wi, manzè dous anpil wi man, m pap baw manti, manzè menm pi dous ke mandanm lakay mwen. Toto just souri, epil pa di patron an anyen. Aprè yon semèn li rele patron an li di'l: Monchè ou konnen'w te gen rezon! Patron an reponn: Poukisa Toto? Toto di: Ti sekretè a pi dous ke madanm ou vre wi papa...

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto generalize yon règ gramè



Toto ki ale sou tablo, li ekri 55 ak yon gwo gwo 5 epi yon ti piti,
pwofesè a di l: "Toto poukisa ou ekri 55 ak yon gwo 5 e yon ti 5? Ki bagay enbesil wap fè la?"
Toto di: "Mèt la si ta gen pou enbesil, se moun ki tap esplike règ gramè a ki enbesil paske maten an ou di tout fraz map komanse, komanse'l ak yon lèt majiskil ..."

-->

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ak miwa li a



Toto ak madanm li, chak maten TOTO leve li kanpe devan yon MIWA ak 500 dola epi li di madanm li "ou wè 500 dola ki nan MIWA ou mèt pran l" epi li soti li fè jounen deyor,. prèske chak jou se toujou konsa. Yon jou dimanch madanm li sot benyen byen benyen li parèt ak sèvyèt li epi li kanpe devan MIWA a, li retire sèvyèt la. saw tande a KÓK TOTO voup li kanpe tèt li. 
Fi a di: "cheri ou ANVIM ?"
Toto di: "wi cheri"
Fi a di: "ou mèt degajew ak sa ki nan MIWA a paske sak nan FOUK mwen an se pou TI JOEL, se li ki te toujou banm manje."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ap manje ak yon kochon



Toto ki soti ak yon patwon yal manje nan yon restoran, Toto tèlman ap manje lèd, manje gaye sou tout tab la. 
Patwon an di: "toto ou konn manje ak kochon?"
Toto repon'n: "non premye fwa map fè sa."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.