Extension Factory Builder Blag Créole: Toto kap trip sou yon masisi

Toto kap trip sou yon masisi



Toto k'ap pran pòz li pa vle wè masisi, tout jounen li gen yon joure pou l'ap joure nan deyè moun sa yo.
Dimanch pase Toto al nan plaj Indigo, kou l parèt, li wè 80% moun ki anvayi plaj la se masisi. Sa w tande a, Toto mande anraje.
Li al chita bò kote yon mesye li wè ki pou kò l' kap koule kèk byè.
Epi lap joure, mesye a pa janm okipe l'.
Aprè yon 15 minit, yon lòt mesye parèt li fè yon ti bo sou bouch mesye ki chita bò kote Toto a, li tèlman sezi, li mande anraje pi rèd , li joure mesye yo byen joure epi l vire do l kite plaj la.
Nan demen Toto gen randevou anbasad, lè l rive, moun li wè kòm Konsil la, se mesye ki te chita bò kote l sou plaj la li te joure a.
Yon bèl dam gade Toto epi l di l:
- "Paspò w mesye."
Masisi a ki wè Toto ap vini anfas li epi l' tonbe chante yon mizik Arly Lariviere:
- "Se toutan m'ap mande, si yon jou nou pa t'ap kwaze, men 2 mòn pa kontre, li diferan pou 2 kretyen vivan."
Toto menm ki sou men l, kòmanse swe. Gen yon chante Nickenson Prud'Homme ki monte nan tèt li, li tonbe chante tou :
- "Pa gen moun ki pa fè erè, pa gen erè ki pap ka defèt. Pa Gen moun ki pa fè erè nou se pechè sou latè ..."


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires