Extension Factory Builder Blag Créole: Istwa yon touris Japonè nan Pòtoprens

Istwa yon touris Japonè nan Pòtoprens







Haiti need your help, click to see how you can contribute!




Yon touris japonè rive nan ayewopò Tousen Louvèti epi l pran yon taksi pou al vizite Stad Sylvio Cator.
Pandan yo sou wout ayewopò, li gade nan vit dèyè a li apèsi yon moto k ap double yo, li tape zepòl chofè a epi l di: «Moto Kawazaki, trè rapid... Fabrike o Japon!».
Lè yo rive yon ti jan pi lwen sou wout la, touris la tape zepòl chofè a ankò epi l di: «La... Oto Toyota, trè rapid... Fabrike o Japon!»
Menm si l fatigan, chofè a pa di anyen.  Li kontinye wout li jiskaske l rive stad Sylvio Cator epi l debake pasaje a: «Oke mesye, sa fè 700 Goud».
Pri a fè Japonè a pantan: «O la la... Trè chè!»
Epi chofè a vire gade l an souriyan: «E wi , kontè trè rapid... Fabrike o Japon!»



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires