Extension Factory Builder Blag Créole: Toto bon sou yon dominiken

Toto bon sou yon dominiken

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto Ak on dominiken antre nan yon makèt... pandan nèg yo ap tcheke, dominiken an gad anwo l gad anba li vòle 3 ti sachè bonbon li met lan pòch li.. Lè nèg yo soti lan makèt la,
Dominiken an di Toto: "yo, m se pi bon vòlè ki ekziste, m se chanpyon di mond... M sot vòlè 3 sachè bonbon e pa gen okenn moun ki wèm, tonè krazem ou pa tap ka fè sa".
Toto di: "e vre! Ou pa gen fa sa sou t
èt dyol ou, ann retounen lan makèt la poum montre w ki jan yo vòlè"
So tou 2 nèg yo retounen, yo al sou kontwa a, epi
Toto di kesye a: "ou vle wè maji ? Kesye a reponn wi"
Toto di pa gen pwobl
èm, "Banm on ti sachè bonbon" patnè a ba li youn epi li manje'l... Toto mande l' pou on lòt, li manje l' ... Toto mande l' pou on twazyèm epi li manje l' ...
Kesye a mande l': "kot maji a ?"
Toto di: "al tcheke pòch blòdè dominiken an wa jwenn yo."





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production


 


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires