Extension Factory Builder Blag Créole: Yon granmoun ki depale akoz presyon yon vakabon

Yon granmoun ki depale akoz presyon yon vakabon



Yon granmoun kap sot okay, ou konnen moun okay lè yap pale yo toujou renmen mete P nan pawòl yo. Se konsa
Chofè a mande granmoun nan : "papy kote w prale ?"
Li di : "mwen p pral pòtoprens, mwen P pral wè pitit mwen apre sa mwen P tounen lakay mwen."
Te gen yon vakabon nan bus la
Li di granmoun nan : "depi w pale la ankò ou mete P ladan l map fout tire w."
Pou jis machinn nan rive granmoun nan pa janm pale. Lè l rive pòtay,
Chofè a di l : "nan ki zòn pitit ou a rete papy ?"
Li vire li wè nèg la dèyèl la toujou, li di "tionvil."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires