Extension Factory Builder Blag Créole: Toto tap konfese peche li

Toto tap konfese peche li



Toto ki al konfese,
mon pè mande Toto: "Kiyès ki te volè rès losti dimanch lan ?"
Toto di: "Kisa ? m pa tande"
Mon pè di : "ou tande byen, kiyès te volè losti dimanch lan ?"
Toto di : "mwen pa tande", epi pou kontinye
Toto di l : "Mon pè banm plas ou a vinn kanpe nan plas mwen an poum montrew kem pa tande"
Mon père desann vre li bay toto plas li a
Toto di: "Kisa ou konn ap di nan zòrèz Rosena konsa ?"
Mon pè di : "Kisaw di ?"
Toto di : "Kiyès ki toujou ap fè lanmou ak Rosena apre la messe dèyè legliz la ?"
Mon père di : "an ou gen rezonw pat tande, mwen menm tou m pa tande anyen
Allez en paix frè Toto ke pechew yo padone"


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires