Extension Factory Builder Blag Créole: Digicel fè papa Toto pran yon kalòt

Digicel fè papa Toto pran yon kalòt



Manman Toto kap eseye rele papa Toto sou telefòn nan travay, li pa gen 4, li di Toto rele papaw pou mwen, aprè Toto finn fè apèl la plizyè fwa, li pa jwenn papal li di manmanl chak li rele se yon fanm ki pran telefon nan. Manman Toto pa di anyen. Lè papa a sot travay li poko menm desann machin nan manman Toto kouri sou li, li fout papa yon souflèt bawww : ki dwaw pou lòt fanm ap reponn telefòn ou ? lèw diw al travay se nan fanm w ale. Lè tout moun mande sak pase, manman an rele Toto,
li di Toto : "saw te tande fi a di ?"
Toto reponn : "la personne que vous tentez de rejoindre n'est pas disponible, veuillez réessayer un peu plus tard."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires