Extension Factory Builder Blag Créole: Pwoblèm ki mennen pwoblèm

Pwoblèm ki mennen pwoblèm



Yon nèg ki pati aletranje, li kite jeran an nan lakou a epi li di l’ pou l’ toujou rele l’ e di l’ sa kap pase. Jeran an pa janm rele l’, lè patwon an wè sa li rele l’. Epi jeran an di l’ se tèlman gen move nouvèl wi ki fèm pa relew.

Patwon an di : "map koutew"
epi jeran an di: "pèl mwen kase wi"
Patwon an di: "se saw rele move nouvèl la, kijan l’ fè kase ?"
Jeran an di: "Pandan map antere chenw lan wi."
Patwon an di: "Kisa ? kijan chenm nan fè mouri ?"
Jeran an di : "Li te tonbe nan pisin nan wi!"
Patwon an di : "men chen an konn naje!"
Jeran an di : "wi, men pisin nan te vid."
Patwon an di : "Kisa, pisin lakay mwen vid?"
Jeran an di: "Ponpye yo wi ki te pran dlo a pou etenn dife ki tap boule kay la."
Patwon an di : "Kisa? gwo kay mwen an boule? kijan?"
Jeran an di: "se nan antèman manmanw lan yon balèn te tonbe sou nap la wi."
Patwon an di : "Kisa? manmanm mouri? kijan?"
Jeran an di : "li fè kriz apre li finn kenbe madanm ou ak frèw la."
Patwon an di : "ebyen pa ret anyen pozitif ditou"
Jeran an di :  "wi sèl tès sida ou te fè ou te dim poum al pran rezilta a wi ki pozitif."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires