Extension Factory Builder Blag Créole: "Grenn", "Plim", "Pòm"

"Grenn", "Plim", "Pòm"



Vwala se yon papa ki gen yon pitit fi men te gen yon nèg kite anvi kouche pitit la men li pat konn kisa pou li fè. Yon jou li deside pou li al mande yon ti travay lakay papa tifi a men papa tifi a te gen anpil lajan, li te gen anpil sekirite nan lakou li.
Lè misye rive, papa tifi a mande misye kijan li rele. Misye di li rele "Grenn". Misye komanse ap travay, yon jou manman tifi a mande misye ki jan li rele. Misye di li rele "plim". Yon jou, yo voye misye al pase mòp nan chanm tifi a, e se konsa misye tou jwenn ak tifi a andedan an. Tifi a mande misye kijan li rele, Misye di li rele "pòm". Epi misye pap, li vole sou tifi a, se sa l bliye li pa fè tifi a.


Tifi a menm ap rele manman l : "Mamman, men pòm nan bouda-m"
Manman an menm di: "Kijan pòm lan fè nan bouda-w? Se manje yo manje pòm."
Tifi a di: "Manman, mwen diw men pòm nan bouda m."
Epi manman-an kouri al gade. Lè li rive, li wè se "plim". Li rele mari l, 
Li di: "Cheri, vinn wè plim sou pitit la".
Papa a menm di: "Men Cheri, pitit mwen se demwazèl, li sipoze gen plim."
Manman an di: "mwen fout di w men plim sou pitit la, ou pa vinn wè."
Epi papa a pa fè tèt di, li al gade. Lè papa a rive li wè se Grenn. Lè misye wè papa-a li fè pap, li leve kouri. Papa-a menm rele tout sekirite li yo,
Li di: "Kenbe Grenn."
Tout sekirite yo lage zam yo epi yo kenben grenn yo.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires