Extension Factory Builder Blag Créole: Enskriptyon nan lapolis

Enskriptyon nan lapolis



Se te yon ti patnè ki te entèrese antre nan Polis Natyonal Haiti a, misye deside fè tout sal kapab poul antre nan polis la. Men li te gen yon patnèl ki te deja nan polis la, alò misye ap mande patnè li a information epi patnè a di l fòk li pale ak commissaire police la avan...

Kounya, patnè a dil commissaire a pral pozel 3 questions sèlman :
1) KI LAJ OU GENYEN?
2) KONBYEN TAN WAP FE NAN ACADEMIE AN?
3) MAYI MOULIN AK DOUMBREY KISA OU PI RENMEN?

Patnè a mande misye :"kisa poum reponn commissaire a ?"
Misye di : "wap reponn janm di ou a : 1) wap dil ou gen 18 ans ; 2-wap dil ou vinn fè 6 mwa nan academie an ; 3) ou mèt dil pa gen diferans ant mayi moulin ak doumbrey pou ou.
Misye leve li kontan paske li panse yo ta pral mande l yon pil ak yon pakèt bagay...
jou interview a, misye chita byen costume lap tann comissaire a. Lè commissaire a parèt, misye kòmanse swe epi lap tranble...
Commissaire a di misye : "konbyen tan ou vinn fè nan academie an ?"
Misye reponn : "18 ANS",
Commissaire a mande l : "KI LAJ OU?"
Misye reponn : "6 MWA"
Commissaire a nerve li di misye : "WAP PASEM NAN KK, OU WEM SANBLE FATRA?"
Misye reponn : "TOU LE 2 SE MENM BAGAY PA GEN DIFERANS!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires