Extension Factory Builder Blag Créole: Ti Marie Mande Ogmantasyon

Ti Marie Mande Ogmantasyon

Ti Marie mande yon ogmantatyon. Mètrès kay la fache paske manmzèl mande pou yo ogmante lajan li a, alòs li rele Ti Marie
Li di li : "poukisa ou vle ogmantatyon an?"
Ti marie reponn: "Ehbyen Madame gen 3 rezon ki fè m mande l :
- Premyeman se paske mwen konn repase pi byen ke ou."
Madame nan reponn li di : "kilès ki di ou sa a?"
Ti marie di: "Se mesye a wi ki dim sa a."
Madanm nan di : "a Bon!"
Ti marie kontinye li di :
- "dezwèmman, mwen fè manje pi byen pase ou".
Lè Madanm nan tande sa li vinn enève li di li : "kiles ki di ou sa a?"
Ti marie di konsa : "Se mesye a wi ki dim sa a."
Madame nan reponn: "Konsa menm"
Ti marie di anko :
- "twazyeman mwen fè bagay pi byen pase ou"
Madanm lan si tèlman fache li di : "se mesye a ki di ou fè bagay pi byen pasem ? map tann lè li vini pou mwen touye li."
Ti marie di : "non Madame se pa mesye a non ki dim mwen sa, se Tipyè jeran lakou a ki di mwen sa a."
Menm kote a madanm lan sezi epi li di ti Marie konsa : "mwen fout ba ou ogmantatyon an."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires