Extension Factory Builder Blag Créole: Deside avan ou achte

Deside avan ou achte



Yon ti gason al achte nan yon boutik 
Li di : "Pa genyen pen ak manba ?"
Machann nan di l genyen
Ti gason an di : "vann mwen pen ak bè."
 
Yon lot jou li mande si pa gen coka.
Madanm nan di l genyen
Li di: "vann mwen yon pepsi."
yon fwa anko li mande si pa gen Guiness. madanm nan di l genyen
Li di: "banm yon prestige."
 
Fwa sa a madanm nan pete kolè li di:
"Wou, ti gason sa ou frekan anpil, chak jou ou vinn mande yon bagay se yon lot ou fèm vann ou m pral di papaw sa wap regle."
Le papa l tande sa li di: "se vre madanm ou gen rezonw ma pral dresel kounyeya, ou gen rigwaz?"
Machann nan di l wi
Papa a di: "enbyen vann mwen yon matinèt."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires