Extension Factory Builder Blag Créole: Konkou maji

Konkou maji



Gen yon konkou maji ki ap fèt an Afrik, epi yo pase pran 3 nasyon ki gen maji lakay yo, sa vle di: Yon afriken, yon Chinwa ak yon Ayisyen. Men pat gen ougan ayisyen ki te vle ale, kòm vagabon pa pè chay gen youn ki al reprezante Ayiti.

konkou a se youn bay lòt defi jiskaske pa gen youn ki ka leve l' epi w'ap genyen.

Chinwa a di: "m'ap fè nou wè yon bèl grenn fanm parèt la kounye a".
Li fè l' vre epi tout moun bat bravo. 
Afriken an di: "map fè lapli tonbe sou tèt nou 3 a san lòt moun pa mouye."
li fè l'. 
kounye a se kou pa vagabon an, vagabon an gen pwoblèm paske li pa konn fè maji vre. Li reflechi epi li rale yon men kat, li bat li epi
Li di: "premye nèg ki koupe kat la, li mouri frèt." 
Tou 2 rale bouda yo, se konsa Ayisyen an genyen konkou maji an.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

commentaires