Extension Factory Builder Blag Créole: ti joel

Blagues par mots-clés

Toto (120) spesyal (43) lekòl (40) enbesil (38) fanm (29) ti joel (20) seks (19) lajan (13) vakabon (13) manti (12) zoklo (12) Languichatte (10) granmoun (10) ayisyen (9) legliz (9) masisi (9) vòlè (9) Moun fou (8) bondye (8) doktè (7) femme de menage (7) lanmou (7) lanmò (7) pwofesè (7) maladi (6) pastè (6) restoran (6) lopital (5) polisye (5) telefon (5) Jako (4) Timoun (4) moun sou (4) chen (3) geran lakou (3) kout pitit (3)
Affichage des articles dont le libellé est ti joel. Afficher tous les articles
Affichage des articles dont le libellé est ti joel. Afficher tous les articles

Jalouzi mele ak enbesil Ti Joel koz lanmo l ansanm ak Toto

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


Toto ak Ti joel ki te 2 bon vwazen epi ki mouri, lè yo rive nan lanfè yo tonbe pase mizè epi yon
jou yo pwofite dyaloge.
Toto di : "kijan w fè mouri?"
Ti joel di : "kriz kadyak - E ou menm Toto?"
Toto di : "m te friz twòp epi m mouri...twòp fredi"
Apre 2 minit
Toto di: "koman ou fè mouri pa kriz kadyak"
Ti joel di: "yon jou, m te antre lakay mwen m jwenn madanm mwen toutouni epi cheve l' gaye ak anpil koka bò kou l' m panse lap twonpem, m chache nan tout kay la m pa wè nèg andan, m telman nève m fè yon kriz"
Toto di: "Siw te gade nan frijidè a lè konsa nou tou 2 tap an vi, enbesil".


Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.


Toto genyen nan yon bolèt li te jwe ansanm ak Ti joel

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki fè yon rèv, li mande Ti joel si li konn tchala l byen pou l ka esplike l rèv la.
Ti joel di : "Wi, ki rèv ou fè?"
Toto di : "mwen reve lopital"
Ti joel di : Map baw bou l la men siw genyen nap separe kob la a 2, eske dako?"
Toto di l pa gen pwoblem. San reflechi Ti joel di l lopital bay 16-61.
Toto kouri al jwe 16-61 chak a 25 goud. 2 zèd tan apre bolet la tire, yo bay 18-56-22 lè Toto wè l pèdi vre li fè 16 la tounen 18 pou l al touche. Lè Toto rive a fich la, yo bat li byen bat. Lèl retounen lakay li li jwenn Ti joel.
Ti joel di l : "Saw genyen la Toto?"
Toto di : "mwen fè aksidan men mwen genyen nan bolèt la wi epi paka mache, al touche pou mwen non.
Ti joel pa menm gade fich la, lè li rive yo bat li byen bat li kouri al kay Toto,
Toto di : "Saw gen la konpè?"
Ti joel di : "Saw fèm la?"
Toto di : "Sim te genyen saw te di nou tap fè?"
Ti joel di : "nou tap separel a nou 2"
Toto di : "Ebyen yo bat mwen, m separel a nou 2".





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



 

 

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto ak Ti joel nan fèt drapo yon 18 Me nan akayè

toto's jokes
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ak Ti joel se 2 kouzen, Yon jou 18 me yo al akayè nan fèt drapo. Yo di Ti joel kisa drapo a ye?
Ti joel reponn li di: "drapo a se manman m" epi yo di mande Toto kisa drapo a ye?
Toto di : "bann egare, Ti joel se kouzenm, si drapo a se manman l, ebyen drapo a c matant mwen."



 
Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Masisi fè Toto mafya

blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto kap mache ak Ti Joel,
Pandan nèg yo ap mache konsa, Toto wè yon avèg kap pase bo yon falèz,

li di Ti Joel konsa: "Ou wè avèg sa kap vini an? li pral tonbe nan falèz la."
Oh oh! Toto poko menm fèmen bouch li, avèg la tonbe nan falèz la vre. Yo rive pi devan, Toto wè tan an mare,
li di Ti Joel: "Ou wè jan tan sa mare a? lapli pral tonbe."
2 minit poko pase, lapli komanse tombe vre. Ti Joel sezi,
li di: "Oh kijan'w fè konnen sak pral pase Toto?"
Mwen ta renmen menm jan avè'w wi, ou ka montre'm ki jan ou fè konnen sak pral pase yo?
Toto di: "Pa gen pwoblèm monchè! Demen vinn lakay la vè 10 zè, map montre'w tout bagay."Ti Joel tèlman kontan li preske bo pye Toto tèlman lap di Toto mèsi. Nan demen lè Ti Joel rive kay Toto, Toto di misye antre nan chanm, lè misye finn antre, Toto di retire rad sou ou. Epi pandan misye ap retire rad sou li konsa, li wè Toto kap retire rad pal tou.
Ti Joel di: "Apaw ap retire retire rad sou ou tou, genlè se masisi ou pral fè avè'm la?"
Toto reponn li di: "Ou komanse bon wi, apa'w gentan wè sak pral pase."





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production


 


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Pastè Toto, pastè Ti joel ak pastè Ti djo kap konfese peche yo

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


3 pastè ki chita k ap fè yon ti koze sou feblès spirituel yo.
1- Pastè  Ti joel di: " Feblès mwen se vòlè. Tout sa m fè pou m sispann vòlè lajan legliz la, m pa kapab. Si yon jou yo ta bare'm nan vòlè lajan legliz la, sa t ap yon gwo wont pou mwen." 

2- Pastè Ti djo di: " Feblès pa m se adiltè. M kouche prèske tout fanm nan legliz la sou madanm mwen. Ke l'se madan marye ou pa. Fidèl yo pa sipoze janm konnen pawòl konsa. Otreman, m ap oblije sispann preche pou tout rès vi m."
3- Pastè Toto di: "Ebyen, pi gwo feblès spirituel mwen genyen sè ke mwen tripotay m pa ka kenbe sekrè lòt moun fè m pou kont mwen. Kidonk, depi yon moun di m yon pawòl an sekrè, fòk m mete l nan lari .




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production





* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Ti joel te konprann li te ka bon sou polisye Toto

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki polisye. Chef PNH la di Toto si l' bezwen pran grad, fòk li kapab bay kontravansyon.
A minwi Toto kwaze Ti joel sou yon moto, li kanpel epi 
li di l : "map baw kontravansyon, paske lè sa a! ou poukont ou sou yon moto."
Ti joel di: "Mwen pa pou kont mwen non kòmandan, mwen gen le père, le fils et le st esprit avè m".-
Ti joel panse l bon sou Toto.
Toto di: "Ebyen kontravansyon an pi rèd toujou, paske ou pote twòp moun sou moto a."




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



 
 

 
* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto bay yon blag sou grann li

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Madmwazèl nan klas Toto a bezwen teste intelijans elèv li yo ak mo "evidamman"
li di : Ti joel eske ou k anplwaye mo evidamman nan yon fraz pou nou s.v.p-
Ti joel: Dimanch pase, papa'm, manman'm, mwen menm ak tout ti fre'm nan nou tal manje nan kominyon kay vwazi'nn nan. Evidamman, manman'm tou pa fè manje jou sa.
Mademoiselle la di bravo Ti joel! Eou menm Ti djo?-
Ti djo: Papa'm, manman'm, gran sè'm nan avèk mwen, nou pase week-end nan jakmèl, evidamman kay la te tou rete vid nou pat la * Bravo Ti djo!!!
E ou menm Toto?
TOTO: Yè mwen chita dèyè lakou lakay la mwen wè grann mwen kap pase ak yon journal Le Nouvelliste nan men'l, evidamman li pral aa paske'l pa konn li.





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production




* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ak Ti-joel ap reponn kesyon sou Christophe



Yon pwofèsè ki mande Toto ak Tijoel l ou etait né christophe colomb?
Toto reponn: "oh bon mw pat menm konnen lèl te malad la poum ta konnen nan ki lopital li etène..." epi Tijoel di gad jan yon nèg sot epi
Toto di : "ou fout konnen l ou menm?"
Tijoel reponn : "Christophe colomb etait né le 5 desanm 1492.."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ak ti-joel ak flash la



Ti joel ki limen on flash li fiksel anlè li di Toto ou ka moute sou rayon an pouw al
nan syèl wi. 
Toto di : "mè wi ou pranm pou nèg sot, lèw etèn n flash la poum ka tonbe."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ak Ti-joel kap jije nan tribinal pou fimen bòz



blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
Toto ak Ti-joel kap fimen bòz epi lapolis met men sou 2 nèg yo (arete).
Se te yon vandredi nèg yo devan jij lan, 
epi jij lan gade nèg yo li di: "mwen wè nou sanble ak 2 nèg ki janti e ki saj." 
Jij lan di map ba nou yon dezyèm chans olye-m mete nou nan prizon, men a kondisyon pou week-end lan map bezwen pou nou konvenk moun ke fimen bòz pa bon. Nèyo dako epi jij lan di tounen lendi.
Lendi rive, nèg yo nan tribinal lan epi jij lan rele Ti-joel an premye 
li mande: "ki sa-w fè pou-w konvenk lòt rasta yo?"
Ti-joel reponn jij lan, mwen konvenk 17 rasta. 
Jij lan sezi, li mande Ti-joel kijan-l fè?
Ti-joel di li itilize yon dyagram...O...o li di ou wè gwo tou sa, se sèvo-w avan bòdomaje-l e ti tou an se le bòz finn domaje-l.
Jij lan kontan, li di Toto kisa-w fè?
Toto reponn: "mwen fè mem bagay ak Ti-joel men mwen konvenk 200 rasta." Jij la kontan.
li di: "explike-m"
Toto di: ...o...O ou w
è ti tou sa, se tou dèyè-w avan-w wal nan prizon e gwo tou an se tou dèyè-w lè-w nan prizon.


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Pwofesè Toto ak Ti joel ak fè liaison



Toto ki pwofesè nan yon lekòl,lap pase devan yon klas Ti joel ki pwofesè tou kap bat elèv yo ki paka fè lyezon nan yon ti fraz fasil ...Dieu aime les enfants sages....Toto dil poul lyezon wap wonfle yo konsa,misyeu di wi,yap plede di les e-n-f-a-n-t-s olye yo di les zanfan,ou sonje mwen menm avèw Toto lontan se te chanpyon nou te ye lekòl nan lyezon...Toto reponn: Mèswi (Mais oui)

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kabann Toto ak Ti joel la



Manman Toto ki achte yon kabann 2 etaj pou Toto ak Ti joel. Ti joel dòmi anlè, Toto dòmi anba. Ti Joel pipi sou tèt Toto.
Toto di: "oh! Epaw pipi sou tèt mwen?"
Ti Joel di: "lapli kap tonbe wi."
Toto di: "kom lapli ap tonbe, banm anlè a, pran anba."
Toto pran anlè, li twalèt sou tèt Ti joel,
Tijoel di : "oh! Epaw k..k. sou tèt mwen?"
Toto di : "Non apre LAPLI toujou gen LABOU"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Bouch Toto ak bouch Ti joel : kisa ki pi santi?



Toto kal achte yon siro pou ti joel kont movèz alènn, kou li rive nan famasi a, famasyen an bay Toto yon sirop, epi famasyen an di toto konsa w'ap fè moun nan bwe 2 kiye par jour.
leu toto fini vire pou li ale, famasyen an kouri rele toto li di toto konsa! tou bouke! eske se nan menm kay wap viv ak moun nan ou vini achte sirop a pou li a!
Toto reponn li : "OUI BIEN SURE"
famasyen an di toto ebyen fè li baw 6 kiyè pa jou tou ladan'l


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Telephone Ti joel ak Toto a



Toto ak Ti joel ki bezwen yon telephone pou yo 2 epi nèg yo al achtel. Lè yo rive nan magazen an yo mande nèg yo ki telephone yo bezwen?
Epi toto di : "banm yon blackberry"
Ti joel di : "non monchè telephone sa yo ka fè lougawou manjew paske yo pran 5 minit pou yo ouvè"
Epi Ti joel di : "banm yon Iphone pito",
Toto vekse li di : "bon yon telephone pou mwen avew epi wap di IPhone ou gen lè pa konn sa (I) vle di, bon twop radot vann mwen yon Togetherphone oubyen yon We-Phone pito".

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ak ti joel byen pase yon kou gramè



Sa se blag Toto ak ti joel ki nan kou gramè nan lekòl yo.
Prof de grammaire: "Ti Joel debout! Comment forme-t-on le pluriel des mots en AL ?"
Ti Joel: "En changeant AL en AUX"
Prof: "Donne un exemple!"
Ti Joel: "un cheval, des chevaux"

Prof: "Toto debout! La même question!"
Toto: "En changeant AL en AUX, Exemple: un cheval, des chevaux"
Prof: "Espèce de crétin!!! Fout bay yon lòt ekzamp!"
Toto: "un autre cheval, des autres chevaux"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Ti joel nan sinema ak mennaj li



Ti joel al nan sinema ak mennaj li. Pandan yap gade fim nan,
Fi a di: "cheri ann parye $20, bandi a pral kache dèyè ròch sa a epi aktè a ap tirel."
Ti joel parye. Efektivman aktè a touye bandi a jan fi a t dil la,
Fi a di: "m genyen w, banm 20$ a,"
Ti joel lonje kòb la,
Fi a di: "m pap fèw sa cheri m wè fim nan deja",
Ti joel di: "m wèl tou wi men m pat panse enbesil la tap fè menm erè a 2 fwa."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Ti joel bay Toto yon bon eksanp pou l pa janm kopye sou moun ankò



Toto ak Ti joel se 2 bon zanmi, youn sòt youn entèlijan. Examen pral rive, toto pa konn anyen.
Li mande ti joel : "sa wap fè pou mwen ? m pa konn anyen non."
Ti joel reponn: "tout sa ou tande m di repete yo."
Pwofesè a rive sou ti joel li komanse pozel kesyon.
- Qui a découvert Haiti?
Rep : Christophe Colomb.
- En quelle année?
Rep : 1492.
- Eske Jezi ap retounen ?
Rep : La Bible di sa, men filozòf yo pa dakò.
kounya pwofesè a al sou toto.
- Comment t'appelles tu?
Rep : Christophe Colomb.
- Quel âge as-tu?
Rep : 1492.
lè pwofesè a wè sa,
Li dil : "o! ou gen lè fou ?"
Misye reponn : "la Bib di sa men filozòf yo pa dakò."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Ti joel ak Toto nan kanaval



Ti joel al nan kanaval. Li pèdi yon mayo Digicel, li di Toto sa. 
Toto di :  "Oh ! wap bay piyay, ou pa fè blokel pou ou."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog a augmenter son audience.

Yon maladi ki itil (Toto ak Ti joel)



toto's jokes
Ti joel ak Toto nan prizon. men Ti joel fè sik.
yo ale lopital ak Ti joel, yo koupe 2 men li paske maladi a te kòmanse ap atake l seryezman. Apre 2 mwa ankò li retounen nan randevou yo koupe 2 pyel. Toto ale kote kòmandan prizon an anba.
li di : "komandan si ou pa veye Ti joel ak koze maladi sa , lap finn sove sou ou moso pa moso."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.