Extension Factory Builder Blag Créole: lanmò

Blagues par mots-clés

Toto (120) spesyal (43) lekòl (40) enbesil (38) fanm (29) ti joel (20) seks (19) lajan (13) vakabon (13) manti (12) zoklo (12) Languichatte (10) granmoun (10) ayisyen (9) legliz (9) masisi (9) vòlè (9) Moun fou (8) bondye (8) doktè (7) femme de menage (7) lanmou (7) lanmò (7) pwofesè (7) maladi (6) pastè (6) restoran (6) lopital (5) polisye (5) telefon (5) Jako (4) Timoun (4) moun sou (4) chen (3) geran lakou (3) kout pitit (3)
Affichage des articles dont le libellé est lanmò. Afficher tous les articles
Affichage des articles dont le libellé est lanmò. Afficher tous les articles

Jalouzi mele ak enbesil Ti Joel koz lanmo l ansanm ak Toto

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


Toto ak Ti joel ki te 2 bon vwazen epi ki mouri, lè yo rive nan lanfè yo tonbe pase mizè epi yon
jou yo pwofite dyaloge.
Toto di : "kijan w fè mouri?"
Ti joel di : "kriz kadyak - E ou menm Toto?"
Toto di : "m te friz twòp epi m mouri...twòp fredi"
Apre 2 minit
Toto di: "koman ou fè mouri pa kriz kadyak"
Ti joel di: "yon jou, m te antre lakay mwen m jwenn madanm mwen toutouni epi cheve l' gaye ak anpil koka bò kou l' m panse lap twonpem, m chache nan tout kay la m pa wè nèg andan, m telman nève m fè yon kriz"
Toto di: "Siw te gade nan frijidè a lè konsa nou tou 2 tap an vi, enbesil".


Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.


Toto ak Dam restoran an



Yon Dam ki gen yon restoran anfas yon simityè epi mal chans pou li se Toto ki gadyen simityè a. Li nan kont ak Toto epi l ekri nan restoran an LA PI BON KE ANFAS LA... 
epi Toto kòm pi fòkè li ekri nan simityè a: "TOUT MOUN KI AN FAS LA GEN POU VINN LA".

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto ap bay rezon pou yon moun viv lontan



Toto ki chita anba galri lakay li lap fimen yon sigarèt, epi gen yon nèg ki vinn ap pase, li wè toto ap fimen,
Li di : "Oh! jèn timoun tankou w wap detwi sante w wi ti papa! Mwen menm gran papam mouri a 98 ans li pat ni fimen li pat ni bwè kleren."
Toto di : "evreu ! epi si'w wè sa gran papa m mouri a 130 ans wi li menm."
Nèg la sezi, li di : "Oh! Kijan l fè viv tout tan sa ?"
Toto di: "paske l pat konn foure bèk li nan sak pa gadel."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kòk mò a



Yon nèg ki mouri depi plis pase 6 jou, kòk li rete tou rèd yo paka mete l nan sèkèy la. Mèt mòg la mande pou yo koupe kòk li, madanm nan di non pa koupe l, tòde l foure l nan dèyè l pito. Apre kèk minit dlo koule nan g mò a.
Madanm nan di : "Pa kriye cheri,  lèm te konn diw li fèm mal c dan w ou te konn ap griyen."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Tou devan, tou dèyè



Yon nèg ki gen manman l’ mouri an deyò, misye gen yon frè l’ Port au Prince li bezwen fè l’ konnen pou l’ antre, li voye anons la konsa: "Alo Jean, manman nou mouri ,si ou vini maten an nap mete l’ nan tout devan ou, si ou vinn demen nap mete l’ nan tout dèyè ou."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Mesye lanmò



Se lanmò ki te gen yon lis moun ki pral mouri, lanmò ale kay nèg ki te nan tèt lis la, lè li rive li jwenn misye ap bwè kleren, li ofri lanmò, nèg yo kòmanse bwè, yo bay blag, lanmò vinn sou. Dòmi vin pran lanmò, nèg la pran lis la nan men lanmò li efase non'l nan tèt lis la, li metel an dènye. Lè lanmò leve, 
Li di mesye a konsa : "wè ou tèlman bon nèg m te vini pou'm pran'w avèk mwen men m pap kòmanse nan tèt lis ankò, m'ap kòmanse anba."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

M vle ale tou

Se te yon madanm ki te renmen mari li anpil, men twouve mari a vinn mouri. Manmzèl rele kèk moun pou ki vinn ede l’ antere li. Men pendan y’ap kondwi mò a, 
manmzèl tonbe rele: Mwen vle ale ave ou.
Moun yo ap swiv manmzèl, lè li rive devan twou yo pral lage mò a, 
Madanm lan rele byen fò: Mwen vle ale avè ou.
Epi gen youn nan moun yo ki pouse li, li manke tonbe nan twou a, epi madanm nan gade dèyè,
Li di: Se pou ou te fè m’ tonbe.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.