Extension Factory Builder Blag Créole: polisye

Blagues par mots-clés

Toto (120) spesyal (43) lekòl (40) enbesil (38) fanm (29) ti joel (20) seks (19) lajan (13) vakabon (13) manti (12) zoklo (12) Languichatte (10) granmoun (10) ayisyen (9) legliz (9) masisi (9) vòlè (9) Moun fou (8) bondye (8) doktè (7) femme de menage (7) lanmou (7) lanmò (7) pwofesè (7) maladi (6) pastè (6) restoran (6) lopital (5) polisye (5) telefon (5) Jako (4) Timoun (4) moun sou (4) chen (3) geran lakou (3) kout pitit (3)
Affichage des articles dont le libellé est polisye. Afficher tous les articles
Affichage des articles dont le libellé est polisye. Afficher tous les articles

Ti joel te konprann li te ka bon sou polisye Toto

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki polisye. Chef PNH la di Toto si l' bezwen pran grad, fòk li kapab bay kontravansyon.
A minwi Toto kwaze Ti joel sou yon moto, li kanpel epi 
li di l : "map baw kontravansyon, paske lè sa a! ou poukont ou sou yon moto."
Ti joel di: "Mwen pa pou kont mwen non kòmandan, mwen gen le père, le fils et le st esprit avè m".-
Ti joel panse l bon sou Toto.
Toto di: "Ebyen kontravansyon an pi rèd toujou, paske ou pote twòp moun sou moto a."




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



 
 

 
* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Yon polisye ki kenbe Toto an "flagrant delit"



Yon polisye bare Toto an fragan deli kap
vole yon radio machin.
Polisye an di : Ou arete, komisarya dwat.
Toto di : komandan, banm chans lan non.
Manman m' fe ke, si m' pa antre aswe a,
l'ap tou mouri sou kont mwen. Ou met
akonpanye m' jiska lakay la, m'ap jus dil
m'pral nan yon program ak yon zanmi
m'ap retounen demen maten.
Polisye an di : ok toto,
m'prale lakay ou ! Pou Al avèti mammam'w jan'w di a,

Polisye an al lakay Toto, li rive devan pot
lan li pa rantre.
Li di Toto : Al di manmanm w' sa epi fe
rapid. Toto antre, li pa janm soti.
Apre yon 30 minit, Toto paret sou balcon
an li di Polisye an : Ou met ale, manman
m' pa dako pou m' al nan program lan Ankò pase bòn joune chèf la.
Wap jwenn lòt moun.


-->

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Non ayisyen an anglè



Yon polisye ki kanpe yon chofè ayisyen poutèt li tap fè plis pase 45 KM/h.

Polisye a di-l : "What's your name Sir?"
Ayisyen an reponn : "Twenty hundred little brothers."
Polisye a di: "What?"
Misye reponn : "Twenty hundred little brothers."

Polisye a pa konprann, li rele yon polisye Ayisyen. Lè polisye Ayisyen an rive, polisye blan an dil eske l ka mande misye non l pou li paske misye genlè pa pale anglè.

Polisye Ayisyen an di misye: "Ki non w?"
Misye reponn: "Vincent Petit Frère."

-->

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog a augmenter son audience.

Sou do



Yon polisye kap arete yon masisi, li di li !!! ey kouche, masisi a reponn li !!! sou do baby ...

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Pèmi pa lisans

Yon vandredi aprèmidi gen yon nonm ki monte sou volan machin li nan Petyonvil epi li tonbe ap kouri pasi pala. Nonm nan pa respekte okenn siy. Chak kote li pase, li manke frape moun, epi l’ ap joure yo ankò met sou sa. Menm nan kafou li pa ralanti, tankou m’ ta di ou lari a se jaden defen papa l’ te mouri kite pou li, l’ ap jwi l’. Gen yon polisye menm ki t’ ap flannen, li remake misye ap fè dezòd epi li swiv li. 

Polisye a kanpe misye epi li mande li lisans li. Sa ki pi bèl la, sanble nonm nan pat gen yon bout lisans nan pòch li. Men li pa pale anpil ak polisye a, li foure men nan pòch li, li rale yon biyè 500 goud tou nèf li lonje bay ofisye a. Polisye a gade misye fiks tankou ke se ranse misye ap ranse avèk figi li. Li rape papye lajan an nan men misye, epi li di: Map kite ou ale, men ti lisans sa ou bay la a se yon pèmi li ye. Pèmi pa lisans. Pwochèn fwa ou kite m’ jwenn ou ankò, sonje mache ak yon pi gwo lisans osinon m’ ap fouke ou.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.