Extension Factory Builder Blag Créole

Yon aparèy pou kenbe vòlè



Japon ak Chine fè yon aparèy pou kenbe vòlè. Yo ale ak aparèy la U.S.A, nan 3 minit li kenbe 2 vòlè, nan peyi Meksik, nan 30 minit li kenbe 500 vòlè, nan peyi Kanada nan 20 minit li kenbe 3 vòlè. Yo rive ak aparèy la Haiti, nan 30 sec yo vòlè aparèy la.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Grangou fè nèg manje sa yo pa ta dwe

Yon jou yon nèg ki tap soti nan jaden. Van ak lapli bare l', li kanpe pare lapli a anba on ti kay, men li gen yon grangou. Epi li wè de timoun ki gen yon kwi patat ak yon mamit lèt, y'ap jwe avè l'. Li pwoche kot timoun yo
Li di: "Timoun m' grangou, sa nou ka fè pou mwen ?"
Timoun yo ba l' patat la ak lèt la, epi li manje ak bwè vant plen. Lè li fini,
Li di: "Timoun, granmoun nou pap kale nou pou patat la ak lèt la ?"
Timoun yo di: "Non, paske chen te bwè nan lèt la."
Nèg la fè kòlè, l'ale pou li kraze kwi a,
Youn nan timoun yo di: "Non, non, non, pa kraze kwi a, se ladan l' manman m' konn pipi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.