Extension Factory Builder Blag Créole: grangou
Affichage des articles dont le libellé est grangou. Afficher tous les articles
Affichage des articles dont le libellé est grangou. Afficher tous les articles

Sòt fè Toto dòmi grangou

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li






Grangou bare Toto lanwit. Lè Toto pase men l' nan pòch li, li jwenn sèlman 6 goud. Yon 5 goud ak 1 goud. Toto pran 6 goud li pou l' al achte yon ti fritay. Lè Toto rive nan wout, Goud la pèdi. Toto pa fè de lide, li kouri al achte yon balèn ak 5 goud la pou l ka chèche goud la ki pèdi a.


Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li






* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.


Grangou fè nèg manje sa yo pa ta dwe

Yon jou yon nèg ki tap soti nan jaden. Van ak lapli bare l', li kanpe pare lapli a anba on ti kay, men li gen yon grangou. Epi li wè de timoun ki gen yon kwi patat ak yon mamit lèt, y'ap jwe avè l'. Li pwoche kot timoun yo
Li di: "Timoun m' grangou, sa nou ka fè pou mwen ?"
Timoun yo ba l' patat la ak lèt la, epi li manje ak bwè vant plen. Lè li fini,
Li di: "Timoun, granmoun nou pap kale nou pou patat la ak lèt la ?"
Timoun yo di: "Non, paske chen te bwè nan lèt la."
Nèg la fè kòlè, l'ale pou li kraze kwi a,
Youn nan timoun yo di: "Non, non, non, pa kraze kwi a, se ladan l' manman m' konn pipi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Grangou fe ti nèg vivan

Se te yon nèg ki te tèlman grangou, misye leve li pa jwenn anyen pou l' manje. Epi te gen yon bon restoran tou prè lakay li a. Misye wè li pa ka kenbe ankò. L'al nan restoran an, misye manje vant deboutonen, lè yo mande misye touche, misye mande pou yo fè l wè ak manadjè restoran an. Lè misye rive, manadjè a fè misye chita, epi 

Misye di manadjè a konsa: "Monchè m konnen ou se yon nomm sou katye a ke tout moun respekte, m ta renmen mande w' yon konsèy."
Manadjè a di: "M'ap tande w."

Misye di manadjè a konsa: "Si ou ta rete konsa, epi yon nomm mache sou ou li vinn ba ou yon souflèt nan figi, epi ou ta al jije ak nonm sa nan tribinal, konbyen kòb amann ou tap mande pou nèg sa a peye?"

Manadjè restoran an frape lestomak li,
li di konsa: "Mwen menm, yon nèg ta pèdi pye l' pou li ban mwen yon souflèt, m tap fè nèg sa peye m' $ 10000 amann."
Kounya misye tou di manadjè a konsa: "E byen ou mèt fout mwen yon bèl souflèt ak tout fòs ou, touche kòb manje a epi bam monnen san nou pa bezwen al tribinal..."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.