Extension Factory Builder Blag Créole

Grangou fè nèg manje sa yo pa ta dwe

Yon jou yon nèg ki tap soti nan jaden. Van ak lapli bare l', li kanpe pare lapli a anba on ti kay, men li gen yon grangou. Epi li wè de timoun ki gen yon kwi patat ak yon mamit lèt, y'ap jwe avè l'. Li pwoche kot timoun yo
Li di: "Timoun m' grangou, sa nou ka fè pou mwen ?"
Timoun yo ba l' patat la ak lèt la, epi li manje ak bwè vant plen. Lè li fini,
Li di: "Timoun, granmoun nou pap kale nou pou patat la ak lèt la ?"
Timoun yo di: "Non, paske chen te bwè nan lèt la."
Nèg la fè kòlè, l'ale pou li kraze kwi a,
Youn nan timoun yo di: "Non, non, non, pa kraze kwi a, se ladan l' manman m' konn pipi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Mwen Kenbe Ou Jodi a

Se te yon fanm ki te gen yon lòt nèg sou kote sou mari li. Yon jou li pral nan otèl ak lòt nèg la. Pandan l'ap antre nan otèl la, li kwaze bab pou bab ak mari li ki ap soti nan menm otèl la tou avèk yon lòt fanm.
Manmzèl di: "En Hen jodi a mwen fout kenbe ou. Bondye fè m' te tou mache ak avoka m."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.