Extension Factory Builder Blag Créole: lapolis
Affichage des articles dont le libellé est lapolis. Afficher tous les articles
Affichage des articles dont le libellé est lapolis. Afficher tous les articles

Toto ak Ti-joel kap jije nan tribinal pou fimen bòz



blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
Toto ak Ti-joel kap fimen bòz epi lapolis met men sou 2 nèg yo (arete).
Se te yon vandredi nèg yo devan jij lan, 
epi jij lan gade nèg yo li di: "mwen wè nou sanble ak 2 nèg ki janti e ki saj." 
Jij lan di map ba nou yon dezyèm chans olye-m mete nou nan prizon, men a kondisyon pou week-end lan map bezwen pou nou konvenk moun ke fimen bòz pa bon. Nèyo dako epi jij lan di tounen lendi.
Lendi rive, nèg yo nan tribinal lan epi jij lan rele Ti-joel an premye 
li mande: "ki sa-w fè pou-w konvenk lòt rasta yo?"
Ti-joel reponn jij lan, mwen konvenk 17 rasta. 
Jij lan sezi, li mande Ti-joel kijan-l fè?
Ti-joel di li itilize yon dyagram...O...o li di ou wè gwo tou sa, se sèvo-w avan bòdomaje-l e ti tou an se le bòz finn domaje-l.
Jij lan kontan, li di Toto kisa-w fè?
Toto reponn: "mwen fè mem bagay ak Ti-joel men mwen konvenk 200 rasta." Jij la kontan.
li di: "explike-m"
Toto di: ...o...O ou w
è ti tou sa, se tou dèyè-w avan-w wal nan prizon e gwo tou an se tou dèyè-w lè-w nan prizon.


-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Enskriptyon nan lapolis



Se te yon ti patnè ki te entèrese antre nan Polis Natyonal Haiti a, misye deside fè tout sal kapab poul antre nan polis la. Men li te gen yon patnèl ki te deja nan polis la, alò misye ap mande patnè li a information epi patnè a di l fòk li pale ak commissaire police la avan...

Kounya, patnè a dil commissaire a pral pozel 3 questions sèlman :
1) KI LAJ OU GENYEN?
2) KONBYEN TAN WAP FE NAN ACADEMIE AN?
3) MAYI MOULIN AK DOUMBREY KISA OU PI RENMEN?

Patnè a mande misye :"kisa poum reponn commissaire a ?"
Misye di : "wap reponn janm di ou a : 1) wap dil ou gen 18 ans ; 2-wap dil ou vinn fè 6 mwa nan academie an ; 3) ou mèt dil pa gen diferans ant mayi moulin ak doumbrey pou ou.
Misye leve li kontan paske li panse yo ta pral mande l yon pil ak yon pakèt bagay...
jou interview a, misye chita byen costume lap tann comissaire a. Lè commissaire a parèt, misye kòmanse swe epi lap tranble...
Commissaire a di misye : "konbyen tan ou vinn fè nan academie an ?"
Misye reponn : "18 ANS",
Commissaire a mande l : "KI LAJ OU?"
Misye reponn : "6 MWA"
Commissaire a nerve li di misye : "WAP PASEM NAN KK, OU WEM SANBLE FATRA?"
Misye reponn : "TOU LE 2 SE MENM BAGAY PA GEN DIFERANS!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.