Extension Factory Builder Blag Créole

Toto nan kou matematik

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Toto ki nan kou matematik,
Pwofesè a di Toto:  "Si m' ba w 2 chat + 2 chat + 2 chat anko sa fèw konbyen chat ?"
Toto di: "Sa fè 7 chat mèt la"
Pwofesè a di: "Tande byen mwen baw 2 chat mwen re ba w 2 apre mwen mete 2 anko sou li sa fè konbyen ?"
Toto di: "o o sa fè 7 mèt la"
Pwofesè a di : "Ok mwen baw 2 zoranj mwen ba ou 2 anko apre sa mwen mete 2 anko, sa fè konbyen ?"
Toto di: "sa fè 6 mèt la"
Pwofesè a di l anko : "ehbyen mwen baw 2 chat mwen ba ou 2 anko apre sa mwen re mete 2  sou li, sa fè konbyen ?"
Toto di : "sa fè 7"
Pwofesè a di : "toner, kote ou fout jwenn setyèm chat sa ?"

Toto di : "paskem gen yon CHAT lakay la deja mèt la".

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto bay yon blag sou prezidan Martelly

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Vwala se Toto ki te gen foli jwenn yon gwo djòb nan gouvènman peyi a. Yon jou, malgre vijilans santinèl yo, li reyisi fofile antre nan palè nasyonal. Lè l' rive, li al jwenn yon ofisye pou esplike l' pwoblèm li.
Ofisye a di l : "Ki kalite travay ou ka fè?"
Toto reponn: "Prezidan la repiblik"
Ofisye a sezi,

li di Toto: "Eske ou fou nèt ?"
Toto besé tèt li tankou yon moun ki ap reflechi epi li reponn:
"Ehbyen, ou va eskize m, mwen pat konnen si fòk mwen te fou pou m' te ka prezidan peyi Dayiti".