Extension Factory Builder Blag Créole

Istwa Yon nèg ki jalou anpil anpil

Yon nèg ki antre lakay li apre vakans, li mache sou pwent pye poul fè yon sipriz a madanm li ki nan chanm nan. Lèl rive sou kabann nan, anba dra li wè 4 pye olye de 2. Li pran yon baton,li ronfle tou 2 moun yo. Lè li antre nan cuisine nan poul al pran yon ti souf,li wè madanm li ki chita ap tann li.
Madanm lan di: "manman w ak papa w vinn fè weekend nan avè nou, m ba yo kabann nou an pou yo dòmi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Bouki ak chen li an

Yon jou Ti malis ale kay Bouki. Lè li rive nan Lakou a li sezi pou sa li wè, li pran tan-l pou-l gade Bouki kap jwe domino avèk chyen li an!
Ti malis di : "Bouki, ou genyen yon chen ki entelijan papa! Li konn jwe domino."
Bouki reponn : "li pa tèlman entèlijan. Mwen bat li 5 fwa deja!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.