Pages

Pastè Toto, pastè Ti joel ak pastè Ti djo kap konfese peche yo

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


3 pastè ki chita k ap fè yon ti koze sou feblès spirituel yo.
1- Pastè  Ti joel di: " Feblès mwen se vòlè. Tout sa m fè pou m sispann vòlè lajan legliz la, m pa kapab. Si yon jou yo ta bare'm nan vòlè lajan legliz la, sa t ap yon gwo wont pou mwen." 

2- Pastè Ti djo di: " Feblès pa m se adiltè. M kouche prèske tout fanm nan legliz la sou madanm mwen. Ke l'se madan marye ou pa. Fidèl yo pa sipoze janm konnen pawòl konsa. Otreman, m ap oblije sispann preche pou tout rès vi m."
3- Pastè Toto di: "Ebyen, pi gwo feblès spirituel mwen genyen sè ke mwen tripotay m pa ka kenbe sekrè lòt moun fè m pou kont mwen. Kidonk, depi yon moun di m yon pawòl an sekrè, fòk m mete l nan lari .




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production





* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

4 commentaires:

Merci d'ajouter des commentaires pour aider le blog a progresser.