Pages

Demand maryaj san parèy



Se yon ti dam ki di papal ke Toto ap vin fè la demand pou li, nan apremidi lè Toto rive kay papa fi a li gen yon chiklèt nan bouch li lap moulen ...

Papa a di: "Toto eske c pa mank respè pou vin kotem epi chiklet nan bouch ou konsa."

Toto: "Ah! C paskem sot fimen wi papi."
Papa: "An ou fimen ?"
Toto: "wi, depim komanse bwè anpil m fimen."
Papa: "An ou bwè tou ?"
Toto: "Mèwi lèm al nan kafe m bwè anpil wi."
Papa: "sa fe konbyen tan depiw pral nan kafe."
Toto: "Ah depi lèm sot nan prizon an".
Papa: "Ah bon! Ou te nan prison. Poukisa menm ?"
Toto: "Ah m te touye yon nèg."
Papa: "oh! poukisa menm ?"
Toto: "Ah! misye pat vlem marye ak pitit fi li a."
Papa: "ebyen monchè m pa gen pwoblèm avèw ou te mèt marye ak fanm ou frèm."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.