Pages

Yon stati ki pale (blag Toto)



Vwala se Toto ki al kay yon fanm, pandan Toto ap byen enjoy li konsa pòt kay fanm lan frape, 
Fanm la di : "woy! men marim"
Toto reponn : "kisa ou pat dim ou te gen mari non, kisa poum fè"
Fanm lan reponn : "fè statut"
apresa li ouvri pòt la, 
Mari a di : "cherie dat sa ou pa ouvri pòt la"
Fanm lan di : "cheri mwen tap dòmi"
mari a wè statut a li di : "cherie epaw achte yon statut"
Fanm lan di : "men wi mwen fenk achtel wi" 
kounyea mari a chita poul manje, li voye fanm lan al achte glas pou fè ji, pandan misye ap manje 
Li di statut a : "ou pap manje"
Toto pa reponn,
Mari a di l : "zafè w, mwen te fè 3h statut tankou w kounye a wap fè entèresant"
Toto reponn : "monchè pye'm te komanse fèm mal la wi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.