Extension Factory Builder Blag Créole: août 2013

Toto ak Sen Pyè nan yon diskisyon nan paradi a

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Toto ki mouri, epi St pierre deside fè Toto vizite paradi a, lè Toto rive, epi li rantre anndan kote St pierre a, li wè yon pakèt revèy nan mi an, Toto sezi,
Toto di : "poukisa tout revèy sa yo?"
St pierre di : "chak revey sa yo se pou yon moun, pou nou kontrole lè moun  nan ap bay manti, men pa manman-w lan, li bloke sou midi, paske li pa janm bay manti, men pa papa-w la, li rete sou 2h, papa-w te bay 2 manti nan vi'l.."
Toto di : "Mwen pa wè pa-m nan non..."
St pierre reponn : "Paw la tèlman vire vit, yo fè-l tounen ventilateur nan buro letènel la."



 
Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production




* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto pran pinisyon pou sa li pa fè

"Mèt la, eske mwen ka pini pou yon bagay mwen pa fè?"
Pwofesè a reponn :
"Non Toto, pa gen bagay konsa. Pa gen moun ki ka pini-w pou yon bagay ou pa fè."
Toto di l : "Ebyen mèt la ... mwen pa fè devwa a non baz!"


 

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Pastè Toto, pastè Ti joel ak pastè Ti djo kap konfese peche yo

Haiti need your help, click to see how you can contribute!


3 pastè ki chita k ap fè yon ti koze sou feblès spirituel yo.
1- Pastè  Ti joel di: " Feblès mwen se vòlè. Tout sa m fè pou m sispann vòlè lajan legliz la, m pa kapab. Si yon jou yo ta bare'm nan vòlè lajan legliz la, sa t ap yon gwo wont pou mwen." 

2- Pastè Ti djo di: " Feblès pa m se adiltè. M kouche prèske tout fanm nan legliz la sou madanm mwen. Ke l'se madan marye ou pa. Fidèl yo pa sipoze janm konnen pawòl konsa. Otreman, m ap oblije sispann preche pou tout rès vi m."
3- Pastè Toto di: "Ebyen, pi gwo feblès spirituel mwen genyen sè ke mwen tripotay m pa ka kenbe sekrè lòt moun fè m pou kont mwen. Kidonk, depi yon moun di m yon pawòl an sekrè, fòk m mete l nan lari .




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production





* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.