Extension Factory Builder Blag Créole: juin 2012

Tou devan, tou dèyè



Yon nèg ki gen manman l’ mouri an deyò, misye gen yon frè l’ Port au Prince li bezwen fè l’ konnen pou l’ antre, li voye anons la konsa: "Alo Jean, manman nou mouri ,si ou vini maten an nap mete l’ nan tout devan ou, si ou vinn demen nap mete l’ nan tout dèyè ou."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kòk mon pè



Se te yon pè katolik ki te gen yon gwo kòk panyòl ki te pèdi. Mon Pè tèlman renmen kòk sa a, li deside reyini tout moun ki nan kominote katolik la poul konnen kiyès ki vòlè kalite bèl kòk sa a.
Kòm se te yon pè kanadyen nou ka konprann ke kreyòl li pat twò bon.
Pwemye kesyon li poze nan reyinyon an, se te konsa: 
"Ki moun ki plan kòk ?"

Tout fi ki te nan reyinyon an kanpe. Mon pè sezi, 

Li di : "non, eskize se pa sa pwen te vle di, mwen te vle di, Ki moun ki gen kòk ?"

Tout gason ki te la kanpe, mon pè pi sezi toujou li di nou pa konplann, mwen mande: " ki moun ki klonn plan kòk mon Pè?"

Tout mè ki te la kanpe, mon pè pa janm sezi konsa, li reziyen l li pèdi kòk la nèt.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon zoklo ki rann Toto anpil sèvis



Se Toto ki marye ak madanm li, 
Misye di madanm li: "cherie nenpòt lè ou wè m mouri, pou w dim konbyen fwa ou te twonpe'm." 
Yon lè misye pran pòz li mouri, pandan yo rele anbilans lan,
Madanm nan di: "cheri kòm ou te dim poum baw tout verite lèw mouri, ebyen m te twonpew 2 fwa ak patwon an, premye fwa a poul te baw djòb la, dezyèm fwa a pouw te ka sipèvizè." 
lè misye tande sa li leve voup... epi 
Li di: "cherie! Twonpem yon twazyèm fwa poum ka direktè."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Separasyon byen



Gen yon nèg rich ki rele 2 moun nan chak nasyon pou l' ba yo byen. men ak kondisyon si li bay premye a yon bagay, l'ap double l' bay dezyèm nan. li rele 2 chinwa, premye a mande yon satelit, dezyem nan jwenn 2. Ameriken rive, premye a mande yon gwo bilding, dezyèm nan jwenn 2. Tout nasyon ap pase konsa. Lè kou pa 2 ayisyen yo rive, youn pa vle pase avan pou lòt la pa jwenn plis. Alafen sak pi fòkè a avanse, li gade lòt ayisyen an epi 

Li di nan kè l': "si m' mande yon kay, misye ap jwenn 2. si m' mande yon avyon, misye ap jwenn 2. si m' mande 1 milyon dola, misye ap jwenn 2". 
Misye di nèg rich la : "mwen reziyen m, ou mèt pete yon je m!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

10 mwens 5 = 10, adisyon Toto



Yon pwofesè mande Toto : "si papa w gen 10 dola , ou mande l 5 dola ladan l, konbyen l'ap rete ?"
Toto reponn : "Lap rete ak 10 dola nan men l"
Pwofesè a di : "ou pa konn matematik ditou ou menm ?"
Toto reponn : "ou pa konn papa m ditou ou menm ?"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Konkou maji



Gen yon konkou maji ki ap fèt an Afrik, epi yo pase pran 3 nasyon ki gen maji lakay yo, sa vle di: Yon afriken, yon Chinwa ak yon Ayisyen. Men pat gen ougan ayisyen ki te vle ale, kòm vagabon pa pè chay gen youn ki al reprezante Ayiti.

konkou a se youn bay lòt defi jiskaske pa gen youn ki ka leve l' epi w'ap genyen.

Chinwa a di: "m'ap fè nou wè yon bèl grenn fanm parèt la kounye a".
Li fè l' vre epi tout moun bat bravo. 
Afriken an di: "map fè lapli tonbe sou tèt nou 3 a san lòt moun pa mouye."
li fè l'. 
kounye a se kou pa vagabon an, vagabon an gen pwoblèm paske li pa konn fè maji vre. Li reflechi epi li rale yon men kat, li bat li epi
Li di: "premye nèg ki koupe kat la, li mouri frèt." 
Tou 2 rale bouda yo, se konsa Ayisyen an genyen konkou maji an.

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Konpayi avyon ayisyen yo



Obama gen yon avyon li rele'l "Change Air". Titid gen 2: yonn rele "Vol Air", lot la "Chim Air". Preval gen yonn li rele'l "Tafiat Air". Martelly gen youn li rele'l "Tèt Kale Air". Pèp aysyen gen yon sèl avyon li menm, li rele'l "Raz Air". Moun kap li mesaj sa gen yon avyon ki rele "Blag Air".

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon stati ki pale (blag Toto)



Vwala se Toto ki al kay yon fanm, pandan Toto ap byen enjoy li konsa pòt kay fanm lan frape, 
Fanm la di : "woy! men marim"
Toto reponn : "kisa ou pat dim ou te gen mari non, kisa poum fè"
Fanm lan reponn : "fè statut"
apresa li ouvri pòt la, 
Mari a di : "cherie dat sa ou pa ouvri pòt la"
Fanm lan di : "cheri mwen tap dòmi"
mari a wè statut a li di : "cherie epaw achte yon statut"
Fanm lan di : "men wi mwen fenk achtel wi" 
kounyea mari a chita poul manje, li voye fanm lan al achte glas pou fè ji, pandan misye ap manje 
Li di statut a : "ou pap manje"
Toto pa reponn,
Mari a di l : "zafè w, mwen te fè 3h statut tankou w kounye a wap fè entèresant"
Toto reponn : "monchè pye'm te komanse fèm mal la wi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Sou do



Yon polisye kap arete yon masisi, li di li !!! ey kouche, masisi a reponn li !!! sou do baby ...

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.