Extension Factory Builder Blag Créole: avril 2012

Deside avan ou achte



Yon ti gason al achte nan yon boutik 
Li di : "Pa genyen pen ak manba ?"
Machann nan di l genyen
Ti gason an di : "vann mwen pen ak bè."
 
Yon lot jou li mande si pa gen coka.
Madanm nan di l genyen
Li di: "vann mwen yon pepsi."
yon fwa anko li mande si pa gen Guiness. madanm nan di l genyen
Li di: "banm yon prestige."
 
Fwa sa a madanm nan pete kolè li di:
"Wou, ti gason sa ou frekan anpil, chak jou ou vinn mande yon bagay se yon lot ou fèm vann ou m pral di papaw sa wap regle."
Le papa l tande sa li di: "se vre madanm ou gen rezonw ma pral dresel kounyeya, ou gen rigwaz?"
Machann nan di l wi
Papa a di: "enbyen vann mwen yon matinèt."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon ti gason ki Begeye

Yon ti gason ki bege, epi li ale achte youn lasèt soulye. Lè li rive,
Li di machann lan : "nou pa gen la la la la la la la la la la la lasèt ?"
Machann lan reponn : "nou genyen wi men nou pa gen longè ou bezwen an."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon Nèg Ki Renmen Fe Ti Bèf



Vwala se te yon nèg ki te renmen fè ti bèf anpil. Depi se fanm li kwaze fok li fè ti bèf pou li. Yon bon jou, pandan misye ap bay yon ti bèf,
Li di fi a konsa: "Wouch... mwen pran yon gou lèt!"
Fi a reponn misye: "surman se apse mwen an ki pete!"




* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Lanfè ke Paradi

Se te yon nèg ki mouri li al nan paradi men misye pa jan'm fè bagay li korèk. Bondye di misye ke l'ap voye'l nan lanfè pou yon semen. Mesye pa mande poukisa, li ale, lè li rive nan lanfè a misye jwenn bouzen chak jou lap konyen maten midi swa se zozo lap tire. Bondye wè misye fè 2 mwa li pa tounen lè misye retounen Bondye di misye ke paradi pa piyay, ou pap ka antre,
Misye di Bondye: "gade pa ranse avèm tande se rad mwen, mwen vinn dèyè ok"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Ti Marie Mande Ogmantasyon

Ti Marie mande yon ogmantatyon. Mètrès kay la fache paske manmzèl mande pou yo ogmante lajan li a, alòs li rele Ti Marie
Li di li : "poukisa ou vle ogmantatyon an?"
Ti marie reponn: "Ehbyen Madame gen 3 rezon ki fè m mande l :
- Premyeman se paske mwen konn repase pi byen ke ou."
Madame nan reponn li di : "kilès ki di ou sa a?"
Ti marie di: "Se mesye a wi ki dim sa a."
Madanm nan di : "a Bon!"
Ti marie kontinye li di :
- "dezwèmman, mwen fè manje pi byen pase ou".
Lè Madanm nan tande sa li vinn enève li di li : "kiles ki di ou sa a?"
Ti marie di konsa : "Se mesye a wi ki dim sa a."
Madame nan reponn: "Konsa menm"
Ti marie di anko :
- "twazyeman mwen fè bagay pi byen pase ou"
Madanm lan si tèlman fache li di : "se mesye a ki di ou fè bagay pi byen pasem ? map tann lè li vini pou mwen touye li."
Ti marie di : "non Madame se pa mesye a non ki dim mwen sa, se Tipyè jeran lakou a ki di mwen sa a."
Menm kote a madanm lan sezi epi li di ti Marie konsa : "mwen fout ba ou ogmantatyon an."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Istwa Petit Jean Vincent

Se te yon nèg ki kite Ayiti pou antre USA. Non li se te Petit Jean Vincent. Lè li rive Etazini li ale lekol, yon jou pwofesè an ap fè apèl, li site non misye men misye pa tande.
Pwofesè a mande : "Eske pa gen moun nan class lan ki pa tande non yo site ?"
misye pwente dwat li, profesè a di l ke l te site non li deja, li di non li pa site. Pou pwofesè a ka rezoud pwoblèm lan li mande misye kijan li rele. Ou konnen byen koman yo traduire lang nou an an anglè misye reponn " My name is Small Jean Twenty Hundred"  Ki vle di Petit Jean Vingt Cent...

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Kesyon pou kesyon

Vwala se yon blan ki kontre ak yon ayisyen.
Li di ayisyen an konsa : "Kòman fè depi ou poze yon ayisyen yon kesyon, li reponn ou ak yon lòt kesyon?"
Ayisyen an di l' konsa : "Kòmanw fè konnen?"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Lapriyè ayisyen

Yon ayisyen tap vire won nan yon pakìn sanke li paka jwenn yon ti plas menm pou l paking machin li.
Li di: "Bondye Papa, ede m'. Siw fèm jwenn yon paking, map kite bwè kleren e map pral lamès chak dimanch."
Li poko finn pale, yon plas parèt chaaaaw!
Misye di: "Bondye ou pa bezwen deranje w', mwen jwenn youn."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Blan Minista ak ti fanm nan

Yon blan Minista ki ale nan yon ti degagèz anba lavil la, lè li fini li bay ti fanm nan 20 dola ayisyen. Aprè yon semen pase li kwaze ak ti fanm nan
Li di li : "apa ou ban'm krab ti madanm."
Ti fi a reponn li : "kisa ou te vle pou'm te ba ou pou 20 dolaw la ?  Oma!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Manti pou manti

Gen yon nèg ki di yon zanmil :
"monchè ou konnen pandan map dòmi bòn nan antre nan chanm mwen an toutouni jan manman l te fèl. Ou konn kijan ti bòn sa anfòm."
Zanmi an di : "saw fè ?"
Misye di : "monchè mwen pran men l mal mete l kouche nan ti chanm kay yo ki nan lakou a."
Li di zanmi an : "siw te nan plas mwen ki saw tap fè ?"
Zanmi an di : "mwen tap ba ou menm manti ou banm la."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Jako a

Yon nèg ki gen yon jako sou tèt kabann li pandan misye ap fonksyone ak madanm li epi fi a menm ap retire plim sou jako a, jako a gade l'
Li dil konsa : "hein ! hein ! manzè, yap plimenw, wap de plimenm."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Dyòlè pa bay

Yon blòdè kanpe li wè yon fi kap sòti nan yon shop anfas kote li kanpe a, li wè fi a tèlman bèl, li kanpe te gen yon machinn li apiye sou li, li te gen yon kle nan pòch li, li kenbe l nan men l' lap souke li tann kou fi a aproche.
Li di : "Je te depose",
Fi a reponn: "Excuses-moi Mr c'est ma voiture."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.